À la une

Anpil sitwayen deklare yo vle Michel Joseph Martelly kòm prezidan peyi a

image

Ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, aprè plizyè lane deyò, antre nan peyi a jou ki te mèkredi 15 jiyè 2026 la.

Patizan, fanmi, bann rara, tout te ale akeyi 56zyèm chèf leta a. Gen sous ki fè konnen se te plizyè milye moun ki te rasanble devan lakay li nan kominn Petyon Vil pou te resevwa li tankou yon wa kap antre nan wayòm li. Sou visaj Michel Joseph Martelly, ou te kapab wè yon souri ki tradwi kontantman lakay li aprè plizyè lane depi l pa t vini nan peyi li fèt la.

Sitwayen yo, kit nan lari a oubyen sou entènèt la, pa kache kontantman yo e eksprime volonte yo pou yo sipòte Michel Joseph Martelly si li ta vle ale nan eleksyon pou yon dezyèm fwa. Anba tout videyo, majorite kòmantè nou li yo ale an favè ansyen prezidan an. Anpil enfliyansè sou rezo sosyal yo fè videyo tou pou di se Martelly yap tann nan eleksyon.

Menm kèk lidè politik nan deklarasyon yo, fè konnen prezans Martelly an Ayiti kapab chanje done politik yo.

Pandan retou li a, ansyen prezidan an poko fè okenn deklarasyon an piblik pou bay rezon ki fèl vini an Ayiti a.

Èske wi ou non Michel Joseph Martelly prale nan pwochèn eleksyon yo? Li rete pou n swiv de prè dosye sa.

Paralèlman li enpòtan pou n note pou ou, Konsèy Elektoral Pwovizwa a deja aktive machinn elektoral la nan tout peyi nan lide pou òganize eleksyon jeneral yo.

ExodeNews la pou enfòme w !

image

La rédaction

La rédaction

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant