À la une

An kreyòl- Rezime: Rezime akyalite semèn nan sòti lendi 22 mas pou rive jedi 25 mas 2021 an.

image

ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete.

Nan yon bilan Stop aksidan bay jou lendi kite 22 mas 2021 an, yo fè konnen soti nan dat 15 pou rive 21 mas la, gen yon total 31 aksidan kite fèt anndan peyi a, toujou selon bilan Responsab Stop aksidan Yo bay ki fèt nan zòn jeremi, dèlma, petyonvil, grandans, sen mak, Miragwàn, ak gonayiv genyen 71 moun ki blese ak 11 moun arive pèdi lavi yo.

Nan jounnen lendi 22 mas la, se te gwo tansyon nan plizyè zòn anndan komin dèlma kote 2 polisye te arive viktim nan afwontman ki te genyen ant yon patwouy UDMO ak gwoup polisye fantom 509 ki te nan lari a; yon ti tan aprè mouvman fantom 509 yo, Mèt Jean Fritz Magny kise avoka sendika SPNH-17 la, ta pral jwenn arestasyon li sou lòd Direksyon Depatmantal Lwès polis la, e yo te transfere avoka a rapid nan DCPJ pou swit legal yo.

Nan yon kominike Direksyon Jeneral polis la te soti nan dat 22 mas 2021 an, yo te voye senpati yo bay tout fanmi ak zanmi 2 polisye kite viktim nan afwontman kite fèt ant polisye UDMO yo ak group polisye fantom 509 yo jou kite lendi 22 mas la, Direksyon Jeneral Polis la revoke anviron 7 polisye epi lanse plizyè avi rechèch dèyè yo pou divès grav enfraksyon.

Selon yon dezyèm nòt kite soti nan dat 23 mas 2021 an, toujou sou menm dosye fantom 509 la, wo kòmandman polis la pran anviwon 3 mezi pou konbat tout polisye ki fè pati gwoup ame frajil sa, ki pote non fantom 509.

Wilbert Rhau, kise grefye an chèf pakè pòtòprens la te jwenn arestasyon li jou madi kite 23 mas 2021 an, Mr Rhau arete pou enplikasyon prezime li nan detounman anviwon 550 mil goud ak 5 mil dola ameriken kite fè pati kò deli nan kad dosye Aby Laco, kise yon ansyen trafikan zam ak katouch anndan peyi a. Pou rapèl Mesye Laco te arete nan dat 24 desanm 2020 an.

Mèkredi kite 24 mas 2021 an, kou dapèl pòtoprens te bay lòd pou libere 17 moun ki te jwenn arestasyon yo ak Jij Yvickel Dieujuste Dabrésil jou kite 7 fevriye 2021 an, nan dosye tantativ koudeta kite vize dirèkteman Prezidan Jovenel Moïse.


Jedi kite 25 mas 2021 an, seleksyon ayisyèn foutbòl la, te genyen 2 a 0 ekip Beliz la, nan kad eliminatwa koup mondyal 2022 a, se te premye match foutbòl Pierre Jean-Jacques avèk ekip ayisyèn nan.

ExodeNews la pou enfòme w!

image

PETIT FRÈRE Jean Rony Poito

Rédacteur

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant