ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete.
Nan yon bilan Stop Aksidan bay, jou lendi kite 29 mas 2021 an, yo fè konnen, sòti lendi kite 22 mas pou rive dimanch kite 28 mas la, gen yon total 17 aksidan ki rive fèt nan zòn : Grangwav, lamanten 54, laboul 18, lali, kenskòf ak gonayiv. Daprè Doktè Garnel Michel, nan 17 ka aksidan sa yo genyen 51 moun ki blese ak 3 moun ki pèdi lavi yo.
Nan menm jounnen sa, kite 29 mas 2021 an, nan okazyon 34èm anivèsè konstitisyon 1987 la, kite amande 9 me 2011 la, gwoup moun ki rele tèt yo opozisyon nan peyi a te pran lari espesyalman nan zòn ; petyon vil, delma, kafou fèy, ak pòtoprens, pou yo manifeste mekontantman yo kont tout zak briganday kap fèt andan peyi a epi yo te tou pwofite okazyon an pou yo mande liberasyon Abelson Gros Nègre lapolis te arete jou samdi kite 27 mas 2021 an, anndan lakay li.
Nan jounen madi 30 mas la, se te yon 3èm jounen manifestasyon nan kad batay gwoup ki rele tèt yo opozisyon an ap mennen kont pouvwa an plas la, nan divès kwen nan kapital la se te gwo tansyon kote endividi yo pat rive idantifye, te mete dife nan plizyè machinn ak kèk enstitisyon leta.
Jou kite mèkredi 31 mas 2021 an, Delege Depatmantal lwès la, Gary Bernadotte, te tanmen plizyè vizit nan diferan zòn andan peyi a tankou: meri kabarè, santral Edh nan awondisman akayè, meri akayè, epi Delege a te vizite tou anpil lokalite nan nò depatman Lwès la, daprè sa li di li pap janm chome paske li detèmine pou l fè travay la, nan fason pouvwa egzekitif la mande l sa.
Toujou nan menm jounen mèkredi sa, fineray senbolik polisye Jean Daniel Michel te chante nan yon pawas ki sou dèlma a,ajan udmo sa te asasinen jou kite 17 mas 2021 an nan zòn simon pele, nan okazyon sa wo kòmandman polis la te pwofite rann polisye a yon dènye omaj, epi fanmi viktim nan mande lajistis pou l fè travay li nan kad dosye sa.
Aprè anviwon 2 semèn, enspektè jeneral Carl Henry Boucher ki te pase nan izolman, jou kite premye avril la, IGPNH la te deside libere IG Carl Henry Boucher, yo te metel nan izolman jou kite 16 mars 2021 an paskel yo ta fè konnen li se youn nan moun ki responsab echèk operasyon kite mennen jou kite 12 mas la andan vilaj de dye.
Jou kite vandredi 2 avril la, kretyen katolik yo te pran lari nan divès kwen nan peyi a, pou yo te fè dènye chemen la kwa nan tan karèm nan, epi pou fè tout kretyen yo sonje epi viv pasyon kris la sou kwa a.
Toujou nan menm jounen vandredi 2 avril sa, nan zòn lilavwa se te dezyèm epi dènye jou << Festi cerf-volant>> ki te kòmanse jedi premye avril la, anpil moun nan diferan zòn tankou: maren, latan, kanaran, bedè, chada ak kwadèmisyon te vini patisipe epi yo te pwofite remèsye L'EPOC pou bèl aktivite sa ke li te mete sou pye.
ExodeNews la pou enfòme w!















































Joseph Simon
Bon bagay Ti Mesye
04 Avril 2021