ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete.
Nan yon bilan stop aksidan bay jou lendi kite 5 avril 2021 an, yo fè konnen, sòti lendi kite 29 mas la pou rive dimanch ki te 4 avril la, gen yon total 34 aksidan ki rive fèt nan zòn : ti gwav, taba, dèlma, kenskòf, gresye, pèleren 3, kanape vè,matisan ki trouvel nan depatman lwès la ak tomond. Toujou selon responsab stop aksidan yo. Nan 34 aksidan ki rive fèt nan semèn paskal la, genyen 131 moun kite blese ak 26 moun ki pèdi lavi yo.
Nan jounen madi kite 6 avril 2021 an, CARDH kise yon selil ki travay sou zak kriminèl ak rechèch sou koze dwa moun, fè konnen genyen anviwon 142 moun bandi te kidnape pandan 3 premye mwa nan ane 2021 an, toujou selon 3èm bilan CARDH la, yo fè konnen, pandan mwa mas la zak kidnapin yo te fè yon ti bese nan peyi a pa rapò ak mwa fevriye a kote yo te kidnape plis moun, epi toujou selon bilan an, yo fè konnen peyi a ap konnen pi move moman li kote banditism, ensekirite ak kidnapinn ap renye nan divès kwen anndan peyi a.
Toujou nan jounen madi 6 avril la, Delege Depatmantal Lwès la, Pierre Gary Bernadotte, te rann yon vizit nan zòn sid kapital ayisyèn nan, espesyalman nan meri gresye a, kote l te pwofite tande epi pran tout doleyans komin nan, epi delege a te tou pwofite fè yon koudèy sou travay reyamenajman kap fèt nan lokal meri a, daprè sa l di li pap chome paske se travay li vin travay.
Jou kite mèkredi 7 avril 2021 an, plizyè òganizasyon politik ki fè pati opozisyon an te fè 7 tou palè a, nan lide pou yo egzije Prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa, epi respekte konstitisyon an, paske yo fè konnen manda li fini depi 7 fevriye pase a.
Nan menm jounen 7 avril sa, nan okazyon 218èm ane lanmò Toussaint Louverture kite mouri nan peyi blan fransè, minis kilti ak kominikasyon an te depoze yon jèb flè nan pye moniman istorik la ki twouve l sou channmas la.
Byen bonè maten jedi 8 avril la, Delegasyon Depatmantal Lwès la, akonpanye avèk kèk lòt enstans konsène, te distribiye anviwon 1500 kit alimantè bay popilasyon ki twouve yo nan zòn: Mayi Gate, Taba, Twazyèm avni, kasanyòl 12 nan dèlma 75 ak vis delegasyon awondisman pòtoprens lan, divès kouch moun nan popilasyon an tankou: moun andikape, timoun ak granmoun aje te vrèman kontan, anpil sitwayen te pwofite felisite Delege a pou bèl jès sa.
Nan mitan jounen kite vandredi 9 avril 2021 an, Fanmi ak zanmi Abelson Gros nègre te òganize yon mach nan kafou fèy, pou mande liberasyon ansyen pòt pawòl SPNH-17 la, kite jwenn arestasyon li jou kite 27 mas pase a lakay li.
Toujou nan kad akonpayman Delegasyon Depatmantal Lwès la, avèk FAES ap pote bay popilasyon an, vandredi kite 9 avril la, yo te prezan nan plizyè zòn ki twouve yo anndan depatman lwès la pou kontinye ak pwogram distribisyon kit alimantè bay pèp la, se te avèk anpil kè kontan moun yo te akeyi delege a epi yo mandel poul Toujou kanpe bò kote yo.
ExodeNews la pou enfòme w !














































