ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete.
Daprè yon bilan stòp aksidan bay jou lendi ki te 12 avril 2021 an, yo fè konnen, soti 5 pou rive 11 avril la, genyen 38 moun ki te blese ak 5 moun ki te pèdi lavi yo nan yon total 16 aksidan sikilasyon ki te fèt nan peyi a. Toujou daprè òganizasyon an, 16 aksidan sa yo te fèt nan zòn : kafou, gonayiv, delma, gran gwav, mibalè, petyon vil ak kap ayisyen.
Nan lide pou akonpanye diferan katèl majistra ki twouve yo nan depatman lwès la, jou kite 12 avril 2021 an, Delege Depatmantal Lwès la, Pierre Gary Bernadotte, te fè yon ti chita pale ak prezidan katèl meri petyon vil la, kise Kesner Normil.
Toujou nan jounen 12 avril sa, Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, te inogire yon nouvo batiman ki twouve li sou wout ayopò a, batiman sa pral loje biwo dwàn ayopò entènasyonal Toussaint Louverture a,daprè Prezidan repiblik la nouvo batiman sa konstwi se nan lide pou pèmèt fonksyonè la dwàn yo pi alèz pou yo fè travay yo.
Aprè yon lane ak yon mwa li pase nan tèt primati a, nan lannwit madi 13 avril 2021 an, premye minis Joseph Jouthe te deside remèt demisyon li bay prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, ansyen PM Jouthe fè konnen, se te avèk anpil onè li te sèvi peyi a, epi li tou pwofite remèsye tout minis, patnè teknik ak finansye ki te konn kolabore avèl.
Nan yon kominike pou laprès biwo kominikasyon prezidan an soti jou mèkredi kite 14 avril 2021 an, yo fè konnen, Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, aksepte demisyon gouvènman an, ki tap dirije pa Joseph Jouthe, epi biwo a tou fè konnen, se Claude Joseph ki pral ranplase ansyen PM Jouthe nan pòs sa.
Nan jounen jedi 15 avril 2021 an, plizyè enstitisyon ki sou depandans legliz katolik tankou : lekòl,inivèsite ak kèk lopital, te kanpe travay pandan jounen an, nan lide pou yo denonse kidnapin, ensekirite, ak banditism kap fèt sou popilasyon an. Anpil legliz katolik nan kat kwen peyi a te chante yon mès nan mitan jounen an, pou yo mande liberasyon 7 relijye bandi ak zam te kidnape dimanch kite 11 avril pase a.
Jou vandredi ki te 16 avril 2021 an, bandi ak zam te asasinen Éphésien Jean-Louis, ki se yon polisye ki te fè pati 17èm pwomosyon polis la,se pandan polisye a te sou machin prive li, nan ri pave epi bandi yo te rive atake li.
ExodeNews la pou enfòme w!















































Madocher
Ou pa jwenn enfo sou aksidan ki fet nan jeremie. Kote yon motosiklet 3 wou pedi fren nan morne kawous. Yon moun mouri sou plas ak plizyè lot blese.
18 Avril 2021