ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete.
Nan yon bilan stop aksidan bay jou lendi kite 19 avril 2021 an, yo fè konnen, soti nan dat 12 pou rive 18 avril 2021 an, genyen yon total 27 aksidan sikilasyon ki rive fèt nan zòn : Sen mak, jeremi, terye wouj, gonayiv, kafou ak petyon vil. Toujou daprè responsab òganizasyon an genyen 72 moun kite blese ak 9 moun kite pèdi lavi yo nan 27 aksidan sa yo.
Toujou Nan jounen lendi 19 avril 2021 an, Pierre Gary Bernadotte akonpanye avèk direktè kabinè li,sekretè jeneral ak Direktè Kominikasyon Delegasyon Depatmantal Lwès la, ansanm ak tour Vis Delege yo ki nan depatman lwès la te resevwa nan biro yo Minis Delege ki travay avèk Premye minis la sou koze sitwayènte ak patriyotism kise Guy François Junior. Objektif rankont sa se te nan lide pou idantifye tout moun ki gentan anrejistre done yo pou eleksyon kap gen pou fèt nan mwa kap vini yo, epi yo te tou pwofite fè yon ti pale sou koze referandòm nan kap gen pou fèt 27 jen 2021 an.
Aprè Gwo Rankont sa, Delegasyon lwès la, nan kolaborasyon avèk FAES, polis nasyonal la, te distribiye plis pase 3000 pla cho nan komin site solèy espesyalman nan simon pele, kantin mobil sa antre nan kad enstriksyon Prezidan Repiblik la bay FAES ak Delegasyon Depatmantal Lwès la pou kontinye akonpanye pèp la.
Nan yon nòt pou laprès ki soti nan dat 19 avril 2021 an, Delegasyon Depatmantal lwès la, mande pou tout konsesyonè motosiklèt, tout moun kap fè komès moto nan peyi a, pou yo fè achtè yo obligasyon pou yo pran asirans nan O.A.V.C.T pou kèlke swa moto a anvan livrezon an fèt.
Aprè anviron 5 lane li pase nan tèt lotri leta ayisyèn, jou madi kite 20 avril 2021 an, Marie Margareth FORTUNÉ kise sè ansyen majistra okay la Gabriel FORTUNÉ, te deside remèt demisyon li bay Prezidan Repiblik la Jovenel Moise. Ansyèn Direktris Jeneral la fè konnen, li bay demisyon l se pou zafè pèsonèl .
Pou yon 3èm fwa nan ane 2021 an, jou kite mèkredi 21 avril la, plizyè gwoup moun ki fè pati opozisyon an te fè 7 tou palè nasyonal. Mouvman sa ki gen yon karaktè trè senbolik rantre nan lit opozisyon an ap mennen pou yo mande Prezidan Jovenel Moise kite pouvwa.
Nan lajounen jedi 22 avril la, Reprezantan Egzekitif la nan Depatman Lwèsa, ansanm ak Vis Delege yo te resevwa nan biwo Delegasyon an tout 20 Prezidan Katèl Enterimè yo ki nan Depatman an. Minis Enteryè a te prezan nan rankont sa pou ranfòse dyalòg enpòtan sa yo. Rankont sa te baze sou sezon siklonik, ensekirite, eleksyon ak referandòm. Fòk nou mansyone Reprezantan Pwoteksyon Sivil ak ONI, Chèf kabinè DDO Polis te prezan nan ti bat bouch sa a.
Jou vandredi kite 23 avril 2021 an, se te fen 3èm jou grèv tout enstitisyon (lekòl,legliz, lopital) ki sou depandans legliz katolik tap obsève nan lide pou yo mande liberasyon 7 relijye bandi ak zam te kidnape depi dimanch 11 avril pase a.
ExodeNews la pou enfòmew!








































