À la une

An kreyòl- Rezime: Rezime akyalite semèn nan sòti lendi 26 avril pou rive vandredi 30 avril 2021 an.

image

ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete.

Nan yon bilan stòp aksidan bay jou lendi kite 26 avril 2021 an, yo fè konnen, soti nan dat 19 pou rive 25 avril 2021 an, genyen 39 aksidan sikilisayon ki rive fèt nan zòn : Montay Nwa, Dèlma, Petyon vil, leyogan, kanaran 70 ak kap ayisyen. Toujou daprè responsab òganizasyon an, genyen 86 moun kite blese ak 17 moun kite pèdi lavi yo.

Nan maten lendi 26 avril la, se te avèk anpil tristès fanmi etidyan Mariline Flora Nerestant ki nan dezyèm ane syans enfimyè, ta pral jwenn li mouri nan yon raje anndan komin taba, aprè 4 jou depi yo pat janm pran nouvèl li.

Madi kite 27 avril 2021 an, enspektè divizyonè Gary Desrosiers kise te ansyen pòt pawòl polis la, te transfere nan direksyon jeneral polis jidisyè a aprè 5 mwa li te pase nan pòs sa, se enspektè divizyonè Marie Michelle Verrier ki ranplase l nan pòs sa.

Nan maten mèkredi 28 avril la, anpil zòn nan divès kwen anndan peyi a te leve sou gwo tansyon, sitwayen ak sitwayèn yo te bloke plizyè zòn tankou : bwa vèna, Nazon, lali, Ti gwav ak kèk vil pwovens nan lide pou denonse zak kidnapin kap fèt sou popilasyon an.

Nan fen jounen mèkredi sa, Plis pase 13 moun te arive pèdi lavi yo nan yon aksidan sikilasyon ki te fèt nan zòn sous kouten ki twouve li anndan komin akayè,aksidan sikilasyon sa te fèt ant 2 bus aprè yon ti lapli.

Nan lide pou reponn avèk bezwen popilasyon depatman lwès la sou koze sekirite, jedi kite 29 avril 2021 an, Delege Depatmantal Lwès la, Misye Pierre Gary Bernadotte akonpaye avèk anpil gwo responsab nan kominn nan, te chita pale pou yo gade nan ki mezi yo kapab frennen zak ensekirite, krim, ak kidnapin kap fèt sou sitwayen ak sitwayèn yo. Yo te pwofite moman an tou pou yo diskite sou koze referandòm nan kap gen pou fèt 27 jen 2021 an.

Nan vandredi kite 30 avril 2021 an, Prezidan repiblik la S.E.M Jovenel Moise, nouvo premye minis la Claude Joseph akonpanye avèk minis travo piblik, tanspò ak kominikasyon an te remèt yon gwoup materyèl pou kontinye travay ki tap fèt nan santral elektrik sent filomèn nan kise yon lokalite ki twouvel nan depatman nò peyi a.

ExodeNews la pou enfòme w!

image

PETIT FRÈRE Jean Rony Poito

Rédacteur

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant