ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete
Byen bonè dimanch maten kite 20 jen 2021 an, Robert Harry Bretous kise te prezime asasen dansè Nancy Dorléans ak Sébastien, te pèdi lavi l nan prizon sivil kwadèboukè a, jiska Prezan pyès moun poko konnen koz lanmò sa.
Nan yon bilan Stòp Aksidan bay jou lendi kite 21 jen 2021 an, Doktè Garnel Michel fè konnen, soti nan dat 14 pou rive 20 jen an, te genyen yon total 25 aksidan sikilasyon kite fèt nan zòn : Jeremi, Wout nèf, Gresye, savanèt, Mibalè ak kèk lòt zòn nan kapital ayisyèn nan. Toujou daprè doktè Michel nan 25 aksidan sa yo, te genyen 64 moun kite blese ak 7 moun kite mouri.
Nan menm jounen lendi 21 jen sa, Delegasyon Depatmantal Lwès la, akonpanye avèk plizyè lòt enstans konsène, te vizite popilasyon ba dèlma a, nan yon sinèji kite te devlope ant tout otorite kite la yo, moun kite deplase kite kay yo, te rive jwenn yon kote, pou yo rete, pou yon ti bout tan.
Nan yon bilan otorite sanitè yo nan peyi dayiti te pibliye nan dat 21 jen 2021 an, responsab yo te fè konnen, deja genyen 110 nouvo ka ki konfime, 4 moun anplis mouri anba Kowona viris la, sa ki bay yon total 18073 ka konfime, 2917 moun ki pase lopital, 404 moun ki mouri ak 12790 moun ki trete, nan objektif pou anpeche Kovid-19 la pwopaje plis, MSPP mande pou tout popilasyon an toujou aplike mezi baryè yo.
Prezidan Pati Platfòm Nasyonal Sektè Popilè Ayisyen an, kise Dieudonné Lhérisson, te pale nan mikwo Laprès, jou kite madi 22 jen 2021 an sou plizyè kriz kap travèse Peyi a depi yon bon ti tan.Epi li fè konnen se yon mezantant ki genyen ant plizyè Aktè politik nan opozisyon an ki afebli leta peyi a.
Antèman Enspektè divizyonè Myradel Adoplhe te chante jou kite mèkredi 23 jen 2021 an, nan lekòl nasyonal polis la, ki twouvel sou wout frè a. Enspektè Myradel te jwenn lanmò li nan atak bandi ak zam te fè sou antèn polis ki twouvel nan kafou Douya a. Epi nan fen jounen sa, Me René Sylvestre kise Prezidan kou kasasyon an, te pèdi lavi l anba maladi kowonaviris la , aprè plizyè jou li te pase lopital.
Nan lide pou pwoteje moun ki teste pozitif nan korona viris la kont zak bandi ak zam ap fè zòn nan ba dèlma, jou jedi kite 24 jen an, minis kilti ak kominikasyon an, Pradel Henriquez, te anonse gouvènman an pral deplase tout moun ki twouve yo sant korona viris ki nan dèlma 2 a. Epi nan menm Jounen sa, Ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide te oblije kite peyi, pou li ale pran swen nan peyi Cuba, aprè plizyè jou depi li tap soufri anba maladi nan peyi dayiti .
Soti jou kite 22 pou rive vandredi 25 jen 2021 an, sitiyasyon wout nasyonal #2 a te toujou rete paralize, sa ki lakòz tout aktivite yo te bloke, machin patka ni moute ni desann.
Nan lannwit vandredi kite 25 jen 2021 an, moun yo pat rive idantifye te tire sou Pinvin Junior, kise yon jounalis redaktè Le Nouveliste, pandan li tap rantre lakay li nan zòn ri kapwa, pou kounya, jèn jounalis la twouvel nan yon lopital nan kapital la pou swit medikal yo.
Nan plizyè operasyon Lapolis te mennen semèn sa, yo te rive mete anba kòd plizyè gwo bandi ak zam kite twouve yo nan zòn Laboul 12, Epi plizyè lòt inite nan kò Polis la te tanmen yon dezyèm operasyon nan zòn remy kise yon lokalite ki twouvel anndan komin kwadèboukè, daprè pòt pawòl enstitisyon an ki se Marie Michel Verrier, operasyon sa yo antre nan kad batay yap mennen kont ensekirite, nan divès Kwen nan peyi a.
Aprè tout atak nèg ak zam fè sou moun ki twouve yo sou Rout aryopò, La boul 12, Ba dèlma, Matisan, ak Kafou. Jou kite samdi 26 jen 2021 an, bandi nan zòn kwadèboukè ak taba te pran lari, kote yo te boule plis pase 10 machin, tire toupatou, anpeche moun al regle aktivite yo.
ExodeNews la pou enfòme w !














































