À la une

An kreyòl- Rezime: Rezime aktyalite semèn nan sòti dimanch 27 Jen pou rive Samdi 3 Jiyè 2021 an.

image

ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete

Soti dimanch 27 jen pou rive samdi kite 3 jiyè 2021 an.

Sekretè Jeneral Konfederasyon Travayè Ayisyen ak Federasyon Nasyonal Travayè Edikasyon an, kise René Prévil Joseph, te pèdi lavil jou dimanch kite 27 jen an, swit ak yon malèz respiratwa, daprè sa sendikalis Montès Joseph te fè laprès konnen.

Aprè yon atak bandi ak zam te fè sou lopital medsen San Fontyè ki twouvel nan matisan an, responsab sant medikal sa fè konnen, yo fèmen pòt yo pou yon ti bout tan, nan yon kominike pou laprès kite soti nan dat 28 jen 2021 an.

Anbasad Etazini nan peyi dayiti te anonse jou lendi kite 28 jen an, administrasyon Biden nan pran angajman pou l pataje vaksen kont maladi COVID-19 la ak peyi Dayiti. Toujou daprè responsab yo, vaksen sa san danje epi li efikas anpil.

Doktè Cassandra Jean François kise responsab egzekitif òganizasyon stòp Aksidan, fè konnen nan yon bilan, soti nan dat 21 pou rive 27 jen 2021 an, te genyen yon total 21 aksidan sikilasyon kite rive fèt nan zòn : Kenskòf, Kòniyon, Jivena, Savann Dezole, Mòn kabrit, Dèlma 95, Dèlma 32, Sen Mak, Ench ak kèk lòt zòn nan peyi a.
Toujou daprè sa Mme. Jean François te fè konnen, nan 21 aksidan sikilasyon sa yo, te genyen 5 moun kite mouri ak 53 blese.

Nan fen jounen lendi sa, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), te pibliye yon nouvo kalandriye elektoral ki fikse dat divès eleksyon ak referandòm nan, ki prevwa fèt nan mwa kap vini yo. Epi nan objektif pou fè fas ak maladi kowona viris la, KEP a fè konnen, nan moman Eleksyon ak Referandòm nan pral fèt la ap genyen yon gid mezi sanitè spesifik yap prepare ansanm ak MSPP.

Jou madi kite 29 jen an, plizyè dizèn Etidyan kifè pati Inivèsite Saint François d'Assise d'Haiti, te manisfeste nan dèlma 33, nan objektif pou mande liberasyon Dwayen an, bandi ak zam kidnape depi kèk jou.

Epi nan yon nòt konsèy lòd avoka pòtoprens yo te pibliye, yo te denonse menas lanmò kap fèt sou jij enstriktè kap trete dosye asasina Mèt Monferrier Dorval la. Bawo pòtoprens te pwofite denonse divès enstans nan aparèy jistis la ki pa janm fè anyen pou dosye sa avanse.

Nan lannwit madi 29 pou rive mèkredi kite 30 jen 2021 an, bandi moun pa rive idantifye te asasinen plis pase 15 moun nan komin dèlma ak zòn Kris Wa, pami viktim yo, te genyen Jounalis Radio Vizyon 2000 la, kise Diego Charles ak Jèn militan politik Marie Antoinettte Duclair anpil moun konnen sou Non Netty.

Nan jounen mèkredi 30 jen sa, Jacques Bovil kise ansyen depite kominn kafou, te pale nan mikro laprès, kote li fè konnen, fenomènn ensekirite ak lavi chè a se 2 gwo kansè ki anpeche popilasyon ayisyèn nan viv.

Nan yon nòt pou Laprès, kite soti nan dat premye jiyè 2021 an, Pati Politik RDNP te denonse zak sasinay kite fèt sou Diego Charles ak Marie Antoinette Duclaire, RDNP te pwofite voye senpati li bay fanmi ak zanmi viktim yo, pandan yo mande lajistis poul fè travay li

Nan lannwit premye jiyè a, Belizaire Johnson kise yon polisye 29èm pwomosyon, te mouri sou kabann lakay li ansanm ak yon ti bebe 13 mwa. Ensidan sa pase nan akachon 32, daprè sa plizyè vwazinaj fè konnen, polisye a te nan gwo konfli familya l ak madanm li.

Me Jacques Letang kise te Prezidan komite nòmalizasyon FIFA te nome 4 fevriye pase a, te deside remèt demisyon li, jou jedi kite premye jiyè a bay Fatma Samoura, kise Sekretè Jeneral Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosiyasyon an, Me Letang fè konnen malgre tout efò li fè li paka jwenn mwayen pou l travay, li oblije bay demisyon li.

Nan aprè midi vandredi kite 2 jiyè 2021 an, yon ti avyon kite genyen pou nimewo N8694N, te fè yon aksidan nan zòn leyogan, kote 6 moun te pèdi lavi yo ak 2 lòt te blese.

Nan menm jounen vandredi sa, ONA te soti yon nòt pou kondane konpòtman Reginald Boulos, paske li ta detounen yon milyon dola ameriken, nan lane 2018, nan kad yon pwojè fiktif pou yo te bati kèk lojman sosyal nan zòn Fèmat.

Samdi kite 3 jiyè 2021 an, pandan peyi a te anba menas siklòn Elsa, se te avèk anpil tristès moun nan komin petyon vil te leve jwenn 2 frè ak yon polisye mouri andan lakay yo, daprè sa kèk moun fè konnen ta sanble se nan yon pwazon yo pran.

ExodeNews la pou enfòme w !

image

PETIT FRÈRE Jean Rony Poito

Rédacteur

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant