À la une

An kreyòl- Rezime: Rezime aktyalite semèn nan sòti 18 Jiyè pou rive Samdi 24 Jiyè 2021 an.

image

ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete

Sòti 18 pou rive samdi 24 jiyè 2021 an.

Nan lide pou avanse avèk ankèt sou zak asasina kite fèt sou Prezidan Jovenel Moise la, jou dimanch kite 18 jiyè a, lapolis te mete yon avi de rechèch dèyè sitwayen Pierre Joseph ASHKARD, otorite polisyè yo mande nenpòt kote yon moun ta wè endividi sa rele yo nan 38381111.

Nan yon bilan òganizasyon Stòp aksidan te bay jou lendi kite 19 jiyè a, yo fè konnen, soti nan dat 12 pou rive 18 jiyè a, te genyen yon total 22 aksidan sikilasyon kite rive fèt nan zòn : Chanbelan, Vodrèy, Pèleren 1, Kleris, Ti Gwav, Dèlma 33, Kenskòf ak kèk lòt zòn nan kapital la. Epi te genyen 65 moun kite blese ak 6 lòt kite pèdi lavi yo.

Madi kite 20 jiyè a, Doktè Ariel Henry te pran kontròl primati kòm nouvo premye minis peyi a, lap genyen avèl 18 minis ki pral asire interima a, yap genyen pou prensipal misyon òganize eleksyon nan tout peyi a.

Nan dosye ankèt kap mennen sou asasina prezidan Jovenel Moise la, DG polis la, Léon Charles, te anonse genyen 3 polisye ki arete, yo fouye 13 kay kote yo te jwenn 45 fizi, yon dwonn, 3 grenad, 263 katouch, epi 8 manda deja lanse kont plizyè endividi ki ta enplike nan krim sa. Toujou nan menm jounen sa, otorite polisyè yo te inogire Direksyon Depatmantal Lwès 2 a, ki twouvel nan zòn klèsinn.

Soti nan dat 19 pou rive 21 jiyè a, te genyen 189 685 elèv kite patisipe nan egzamen ofisyèl 9èm ane fondamantal nan tout peyi a.

Jou mèkredi kite 21 jiyè a, Meri Dèlma ak Meri pòtoprens te òganize yon seremoni pou rann Omaj ak Prezidan Jovenel Moïse, se te plizyè dizèn moun kite defile pandan tout jounen an, pou te ekri kèk mo senpati bay fanmi prezidansyèl la.

Vil okap te konnen yon sitiyasyon panik nan jounen mèkredi sa, anpil patizan Jovenel Moise te pran lari, epi kalonnen kòtèj chèf polis la, Leon Charles ak kout wòch, pandan li te ale nan 2èm vil peyi a, Pou yon vizit nan Delegasyon Depatmantal Nò a

Premye minis Ariel Henry te fè konnen sistèm elektoral la ap kredib, onèt ak transparan, se garanti sa chèf gouvènman an bay diferan pati politik ak kandida kap gen pou patisipe nan pwochèn eleksyon yo, doktè Ariel pwomèt tou pou li atake pwoblèm ensekirite a yon fason pou favorize yon Klima lapè nan peyia.

Nan objektif pou te fè avanse dat antèman Jovenel Moïse la, nan lannwit 21 pou rive 22 jiyè a, popilasyon an te mete dife nan pont ki relye Limonad ak katye moren an epi pandan jounen 23 jiyè a, kawotchou tap boule plizyè kote nan antre vil okap la.

Jou vandredi kite 23 jiyè a, antèman Prezidan Jovenel Moise te chante, devan fanmi, zanmi nan vil okap, se te plizyè santèn moun kite vini rann prezidan an yon dènye omaj, pami yo lidè Pitit Desalinn nan Jean Charles Moise.
Epi aprè seremoni an, endividi moun pat rive idantifye te piye plizyè gwo biznis nan vil la

Samdi 24 jiyè a, antèman Marie Antoinette Duclair bandi ak zam te asasinen nan lannwit 29 pou rive 30 jen an, te chante nan pawas Sen Jan ki twouvel nan kominn chantal, plizyè santèn moun te vini asiste fineray militant la, epi yo mande lajistis fè travay li, pou Netty kapab jwenn jistis. Nan menm jounen sa tou, antèman Guerby Geffrard ki se ansyen pòt pawòl SPNH te chante nan legliz sakrekè Tijo, aprè plizyè semèn depi bandi ak Zam te asasinenl nan kominn dèlma.

Exodenews la pou enfòmew!

image

PETIT FRÈRE Jean Rony Poito

Rédacteur

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant