À la une

An kreyòl- Rezime: Rezime aktyalite semèn nan sòti lendi 2 pou rive Samdi kite 7 out 2021 an.

image

ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete.

Sòti Lendi 2 Pou Rive Samdi kite 7 Out la

Cassandra Jean François kise direktris egzektif stòp aksidan, te fè konnen sòti nan dat 26 jiyè pou rive premye out la, te genyen 43 aksidan sikilasyon kite fèt nan zòn : Ti Gwav, kenskòf, Chanpen ( Kap Ayisyen), Boudon, Wanament, Mòn Kas ( Fò Libète), Mòn Blanch ( Wout Nasyonal Nimewo 3), Mòn Gran Jil ( Dondon), Pon Blan ( Wout Milo) Jan rabèl, Wout nèf ak Akayè. Nan aksidan sa yo, 148 moun te blese ak 21 moun te pèdi lavi yo.

Jou lendi kite 2 out la, Nan yon konferans pou Laprès, Ansyen Senatè Youri La tortue, kise kòdonatè Pati politik AAA a, te denonse fason Lapolis ap mennen ankèt sou zak asasina kite fèt sou ansyen Prezidan Jovenel Moise la, ansyen palmantè a Te kritike otorite yo li di kap chache detounen Atansyon popilasyon an sou vrè responsab krim sa.

Medsen San Fwontyè ki ap bay sèvis depi plis pase 15 lane nan zòn matisan, te deside fèmen pòt yo, paske bandi ak zam anpeche yo fonksyone, selon sa yo te fè konnen nan yon kominike, jou lendi kite 2 out la.

Nan menm Jounen lendi sa, lapolis dominikèn te konfime aprè rezilta ankèt ak Otopsi, se Mèt Claudy Gassant kite touye tèt li jan madanm li te fè konnen sa.

Nan objektif pou avanse avèk ankèt sou dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moise la, Komisè gouvènman pòtoprens la, Mèt BedFord Claude mete manda dèyè 5 lòt pèsonalite, pami yo, Liné Balthazar kise responsab pati politik PHTK, pastè Gerald Bataille ak Gerard Forge.

Dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la te transfere jou mèkredi kite 4 out la nan kabinè enstriksyon selon sa komisè gouvènman pòtoprens la, mèt Bedford Claude fè konnen, daprè chèf pakè a se tribinal premyè enstans pòtoprens la Mèt Bernard Sainvil kap gen pou chwazi on jij ki pou enstwi dosye sa.

Kolektif avoka kap defann dwa moun te denonse fason yap trete prizonye yo nan penitansye nasyonal, pandan yo mande otorite jidisyè yo pran bon jan mezi pou òganize asiz pou jije moun ki nan prizon yo.

Jou mèkredi kite 4 out la, ULCC te remèt bay lajistis 10 rapò ankèt ki konsène dosye koripsyon epi 70 rekèt ki gen pou wè ak 63 Majistra nan depatman lwès ak nip ki pa fè deklarasyon patrimwann yo, se te Minis jistis ak sekirite piblik la, mèt RockFeller Vincent kite resevwa dokiman sa yo pandan yon seremoni.

Aprè plizyè mwa depi popilasyon kap viv nan twazyèm sikonskripsyon pòtoprens la ap viktim anba nèg ak zam, jedi kite 5 out 2021 an, yo te pran mikro laprès pou mande leta ayisyen pran responsablite yo, pou kwape fenomènn ensekirite a ki pa janm sispann mete dlo nan je yo. Sitwayen sa yo te vrèman an kòlè, aprè bandi sa yo te tire sou yon ti bus kote yon dam ansent t resevwa bal nan vant, ti bebe a te menm arive mouri anndan vant manmanl,San konte plizyè lòt viktim ki t nan bus sa

Nan jounen samdi 7 out la, bandi ak zam te tire 4 moun nan pòtoprens, pami yo mèt Roberson Louis, kise avoka nan bawo pòtoprens.

Exodenews la pou enfòme w !

image

PETIT FRÈRE Jean Rony Poito

Rédacteur

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant