Exodenews ap envite w swiv tout aktyalite kite pase pandan semèn nan, san retire san mete.
Sòti lendi 9 pou rive samdi kite 14 out 2021 an.
Jou lendi kite 9 out la, nan yon bilan responsab stòp aksidan yo te bay, yo fè konnen sòti nan dat 2 pou rive 7 out 2021 an, te genyen yon total 32 aksidan sikilasyon kite rive fèt nan zòn : Akayè, Klèsinn, Wout Ayopò, Matisan 15, Kòniyon, Fonparizyen, Gran rivyè nan Nò, Tomond, Ti Gwav, Leyogann, Dam Mari ak Wout Frè. Epi te genyen 91 moun kite blese ak 13 lòt kite mouri.
Aprè plizyè jij te refize dosye asasina Jovenel Moise la, dwayen tribinal premyè enstans la, Mèt Bernard St-vil te Chwazi jij Mathieu Chanlatte pou trete dosye sa.
Plizyè dizèn sitwayen akonpanye avèk kèk responsab òganizasyon politik te manifeste devan Ministè lajistis jou madi kite 10 out 2021 an, nan objektif pou mande liberasyon tout prizonye politik yo epi denonse fenomèn ensekirite a.
Liné Balthazar kise prezidan pati ayisyen tèt kale a kalifye pèsekisyon politik manda komisè gouvènman pòtoprens la mete dèyè li,Toujou daprè Prezidan pati a se pou pozisyon politik li sou koze referandòm nan ki koz yo lanse manda sa kont li.
Djenicka Hija Philippe ki gen 21 lane, lapolis te arete depi 7 févriye pase a nan zòn ti bwa avèk plizyè lòt moun paske yo ta ap moute yon koudeta kont ansyen prezidan Jovenel Moise, te jwenn liberasyon li, aprè plis pase 5 mwa li te fè nan prizon.
Ansanm kont kòripsyon kise yon Òganizasyon kap lite kont kòripsyon nan peyi a, te mande pou ULCC ak UCREF mennen yon ankèt sou gwo sòm lajan yo ta jwenn lakay ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Ekonomis Enomy Germain te fè konnen nan mwens pase yon mwa to referans BRH la sòti 93 pou rive 96 goud, aprè bank santral te mete 15 milyon dola ameriken sou mache a ki pa pote rezilta anpil moun tap tann nan.
Selon sa otorite sanitè yo te fè konnen, 1484 moun te Vaksinen sèlman nan jounen 10 out la, 16 597 moun deja pran premye dòz la nan tout peyi a pandan yap tann dezyèm dòz la, epi 341 moun deja fini Vaksinen nèt.
Nan yon operasyon plizyè inite nan lapolis la te mennen nan zòn bedè 7 ( Kominn Kwadèboukè) jou jedi kite 12 out 2021 an, Joseph Jean Evens alyas Ricot, Mervilien Walken ak Joseph Jivens te jwenn arestasyon yo pou zak kriminèl, pandan operasyon sa lapolis te rive sezi plizyè zam ilegal, 4 motosiklèt, yon paspò ak 2 plak machinn.
Toujou selon responsab lapolis yo, Jerry Derilus, Idaniel Julma, Joel Saint-Fleur, Junior Paul ak Clervil Davidson te jwenn arestasyon yo paske yo ta enplike nan anlèvman ak asasina kite fèt sou 3 polisye kite afekte nan sou komisarya Sen Jozèf la.
Mèt Martin Ainé kise prezidan asosiyasyon nasyonal grefye ayisyen yo, te anonse lanmò grefye Ernst Lafortune nan laprès jou jedi kite 12 out la, Mèt Aîné mande komisè gouvènman pòtoprens la poul mennen yon ankèt rapid sou dosye sa, paske grefye a mouri nan yon sikonstans ki pa klè.
Minis Jistis ak sekirite piblik la, Mèt RockFeller Vincent te Inogire yon konplèks administratif ki pral loje tribinal pou lapè seksyon Sid la ak plizyè lòt biwo nan leta a.
Vandredi kite 13 out la, ansyen anbasadè Yves Edwiges Lalane te mouri nan peyi Etazini, aprè kèk mwa depi li tap soufri ak yon maladi fanmi l poko revele.
Aprè plizyè jij te refize dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moise la, dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens la, Mèt Bernard Saint Vil te Chwazi Jij Mathieu Chanlatte pou trete dosye sa.
4 jou aprè Dwayen an te fini fè chwa sa, Jij Chanlatte te ekri Mèt Bernard St Vil pou fè konnen li pap kapab trete dosye sa pou rezon pèsonèl li.
Byen bonè samdi 14 out la, tè a te tranble nan plizyè dépatman anndan peyi a,daprè yon bilan pasyèl Pwoteksyon Sivil te bay, yo te fè konnen genyen 1800 moun ki blese ak 304 moun ki pèdi lavi yo.
ExodeNews la pou enfòme w!














































