Exodenews ap envite w swiv tout aktyalite kite pase pandan semèn nan, San retire, San mete.
Sòti lendi 16 pou rive samdi kite 21 dawout la.
Jou lendi kite 16 dawout 2021 an,nan yon bilan doktè Garnel Michel kise responsab stòp aksidan te bay, li te fè konnen, sòti nan dat 9 pou rive 14 dawout la, te genyen 19 aksidan sikilasyon kite rive fèt nan zòn ; Wout Frè, Dèlma 31, Dèlma 75, Ti Gwav, Akayè, Sen Rafayèl , Aken ak Jan rabèl. Epi te genyen 43 moun kite blese avèk 4 lòt kite mouri.
Nan menm jou lendi sa, plis pase 6 peyi te deja voye èd yo bay ayiti, nan objektif pou sipòte popilasyon gran Sid la, kite frape anba gwo tranbleman tè jou samdi kite 14 dawout 2021 an.
Nan yon konferans pou Laprès, Denoil Antenor, kise younn nan responsab Federasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo, te fè konnen FENAMH senpatize l ak tout moun kite viktim anba gwo tranbleman tè kite pase nan depatman Sid, nip ak grandans peyi a. Yon Lòt bò responsab FENAMH nan te mande pou tout fòs viv yo pote sipò yo bay viktim yo.
Depatman Defans Peyi Etazini te voye 8 elikoptè pou transpòte responsab USAID yo ak manje nan divès rejyon kite viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an.
Inyon Eropeyènn bò kote pa yo, te anonse madi 10 dawout la, yo pral debloke yon montan 3 milyon Ewo pou ayiti, nan objektif pou reponn ak bezwen viktim dènye tranbleman tè a.
Saradgine Gassant kise madanm Mèt Claudy Gassant, te chwazi chante antèman Mèt la an sekrè nan peyi sendomeng, San ni bawo pòtoprens, ni Fanmi ansyen komisè a pat konnen jou madi kite 17 dawout la. Nap raplew se avoka a kite touye tèt li daprè ankèt lapolis nan peyi Sendomeng te mennen.
Premye minis Ariel Henry nan yon Pwen pou Laprès, te anonse gouvènman li an dekrete 3 jou dèy nasyonal, kite kòmanse jou madi kite 17 dawout la, nan memwa moun kite mouri 14 dawout pase a nan gran sid peyi a. Pm Ariel te chwazi 3 minis ( Sofia Loréus, Luz Kurosawa Cassandra François, James Cadet ) nan gouvènman an pou kouwòdone tout èd kap rantre jwenn viktim ki twouve yo nan depatman Sid, Nip ak grandans peyi a.
Jou mèkredi kite 18 dawout la, nan yon bilan pasyèl pwoteksyon sivil te bay sou dènye tranbleman tè kite pase nan gran sid la, yo te fè konnen, deja genyen 2189 moun ki mouri, 12 268 blese, 332 moun disparèt, 52 953 kay kraze plat ak 77 066 ki pa fini kraze.
Nan yon konferans pou laprès direksyon jeneral polis la te bay jou kite 18 dawout 2021 an, yo te fè konnen, lopital santral PNH la ki twouve l nan zòn bon repo, disponib pou tout fanmi polisye ak anplwaye sivil enstitisyon an kite viktim nan dènye evennman kite pase nan gran sid peyi a. Marie Michel Verrier kise pòt pawòl PNH la te fè konnen tou, tout polisye ki blese grav yo ap resevwa swen nan lopital Bèna Mez pandan lapolis ap kontinye mobilize pou sekirize tout konvwa kap pote èd bay 3 depatman yo.
Nan mwens pase 10 Zèd tan, Gwoup Medsen volontè lopital inivèsite leta a, te rive reyalize plis pase 18 entèvansyon chirijikal sou moun kite blese yo, Medsen sa yo te mande otorite konsène yo pou pote plis materyèl vini, nan objektif pou bay plis moun Swen ki nesesè.
Jean Emmanuel Jaquet kise minis kilti ak kominikasyon an, te fè konnen nan yon konferans pou laprès, gouvènman ayisyen an mobilize pou pote yon repons favorab bay tout viktim gran sid yo. Minis kominikasyon an te fè konnen tou, yap travay ak tout eli lokal yo nan lide pou evite èd yo konsantre nan gran vil yo.
Ansyen prezidan Joseph Michel Martelly akonpanye avèk madanm li Sophia Martelly te vizite gran sid peyi a, jou vandredi kite 20 dawout la, nan lide pou konstate epi pote èd yo bay viktim tranbleman tè kite pase 14 dawout la.
Direktè Jeneral EDH la, Michel Présumé, ki tap dirije enstitisyon sa depi plizyè mwa, te anonse demisyon li, jou vandredi kite 18 dawout la, li te pwofite remèsye tout moun kite sipòte l pandan eksperyans sa.
Toujou nan menm jounen vandredi sa, ministè jistis ak sekirite piblik ki gen nan tèt li RockFeller Vincent depi plizyè mwa, te bay otorizasyon pou retire palè jistis pòtoprens la sou bisantnè a paske Klima ensekirite a anpeche yo fonksyone, selon sa RockFeller Vincent te fè konnen.
Nan kad Chanpyona Katye Staf Kiltirèl Fondasyon Jerry Gervais ap òganize nan pak nasyonal lilavwa, 16 ekip foutbòl te patisipe, Chanpyona sa te kòmanse 3 jiyè pase a, plizyè faz deja jwe, jou samdi kite 21 ak 22 dawout la seri demi final yo te jwe ant 4 ekip.
Ti Final la prevwa fèt jou jedi kap 26 dawout la, epi Gran Final la jou dimanch kap 29 dawout 2021 an.
Exodenews la pou enfòme w !














































