Exodenews ap envite w swiv tout akyalite kite pase pandan semèn nan, san retire, san mete.
Sòti lendi 23 pou rive samdi kite 28 dawout la.
Jou lendi kite 23 dawout la, nan yon bilan
responsab Stòp Aksidan yo te bay, yo te fè konnen soti nan dat 16 pou rive 22 dawout la, te genyen yon total 39 aksidan sikilasyon kite fèt nan zòn : Dèlma 40 b, Taba 27, Fouji ( Wout 9 ), Kenskòf, Lali, Ti Gwav ( Lwès ), Pòdepè ( Nòwès ), Bomon ( Grandans ), ak okay.
Toujou kad aksidan sa yo, 110 moun te blese epi 11 lòt te pèdi lavi yo.
Nan yon Pwen pou Laprès Marie Michel Verrier te bay, li te prezante yon komite jesyon kap gen pou akonpanye tout konvwa ki pral pote sipò yo bay moun kite viktim nan gran sid peyi a, selon pòt pawòl enstitisyon polisyè a dezisyon sa pran aprè plizyè zak piyaj kite fèt sou divès konvwa ki ta pral pote èd yo bay popilasyon gran sid la, moun kifè pati komite sa se enspektè divizyonè Joseph Smith Peyo, Jeannette Bateau, Jacques Joel Orival, Pierre Louis Canger ak yon anplwaye sivil enstitisyon an kise Yves Stark.
2 semèn aprè jij Mathieu Chanlatte te ekri dwayen tribinal premye enstans pòtoprens la pou l te fè l konnen li pap kapab trete dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moise la pou rezon pèsonèl li, jou lendi kite 23 dawout la, Mèt Bernard Saint vil te chwazi jij Gary Orelien pou enstwi dosye sa. Pandan minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Rockfeller Vincent te fè konnen lap bay jij la tout mwayen ki nesesè yo, nan lide pou l fè travay li san pwoblèm.
Selon yon kominike pou Laprès kite sòti jou kite madi 24 dawout la, Vatikan te anonse yo deja voye yon premye montan 200 mil ewo bay ayiti, nan objektif pou pote sekou bay moun kite viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Pou fini Pap François te fè konnen tou lap kontinye leve popilasyon Gran Sid la nan lapriyè.
Toujou daprè yon kominike pou Laprès, administrasyon Kominal okay la te anonse se aprè yon mwa ( 14 septanm ) moun yo ap kapab repare kay kite kraze nan evènman 14 dawout la, responsab yo te fè konnen tou, tout moun ki ta vyole dezisyon sa ap tonbe anba sanksyon lalwa.
Daprè otorite polisyè yo, lapolis te arete Duvère Jean Rémy ak Donald Darius byen bonè maten mèkredi kite 25 dawout la, paske yo ta enplike nan zak piyaj ki te fèt lakay Mèt Guerd Pasquet ak Alex Dolcé nan kominn Kenskòf. 2 endividi sa yo te twouve yo nan Mitsubshi Montero ki gen pou Plak TM - 36432.
Nan objektif pou akonpanye tout moun kite viktim nan dènye tranbleman tè kite pase nan gran sid peyi a, gouvènman ayisyen an te fè konnen, yap bezwen yon montan 200 milyon dola ameriken pou finanse premye faz ijans yo. Nap raple w depi aprè evenman sa, plizyè peyi zanmi ayiti, òganizasyon entènasyonal, Atis, Lidè Politik ak Dyaspora deja pote sipò yo nan plizyè zòn ki twouve yo nan depatman Sid, Nip ak Grandans peyi a.
Fondasyon Clara Lionel ki gen nan tèt li selèb atis Rihana, te anonse bò kote pa yo, yon montan 500 mil dola ameriken pral debloke, nan lide pou pote sipò bay moun ki viktim nan Gran Sid peyi a. Toujou selon responsab yo, èd sa pral jwenn direktèman plizyè òganizasyon lokal ayisyen, Fokal, Lopital Sen Bonifas ak zanmi Lasante.
Nan kad dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moise la, minis jistis ak sekirite piblik gouvènman an, Mèt RockFeller Vincent, te akize tout advèsè 58èm chèf leta a, tankou se yo ki ta responsab zak sasinay sa. Minis Vincent te pwofite anonse sou twitè, nenpòt moun ki ta ede otorite polisyè yo arete jij Wendell Coq Thelot, Ansyen senatè John Joël Joseph ak Jean Badio Félix ap gen yon rekonpans 6 milyon goud.
Daprè sa Mèt Robenson Pierre kise sekretè jeneral bawo pòtoprens la te fè konnen, sòti jedi kite 26 pou rive jou samdi kite 28 dawout 2021 an , yo te òganize divès aktivite tankou : konferans deba, ekspozisyon, ak yon mès nan lide pou onore memwa ansyen batonye Monferrier Dorval, bandi ak zam te asasine 28 dawout 2020 an, nan pèleren 5, lakay li.
Samdi maten kite 28 dawout la, plizyè dizèn moun te prezan nan otèl LA CRETONNE ki twouvel nan vil okay, pou te rann ansyen majistra Jean Gabriel Fortuné yon dènye omaj, fòn raple w Ansyen senatè a te pèdi lavil nan dènye tranbleman tè kite pase nan gran sid peyi a, jou kite 14 dawout 2021 an.
Pandan tout Jounen samdi 28 dawout la, gen yon enfo ki tap sikile sou rezo yo ki ta fè kwè anbasadè peyi Dayiti a nan Washington DC kise Bocchit Edmond, ta rive nan fè apèl videyo toutouni ak yon minè, daprè ankèt nou menm Ekip Exodenews la mennen se yon imaj trike, anbasadè Bocchit pa gen anyen pou'l wè ak sa.
Exodenews la pou enfòme w !














































