À la une

An Kreyòl - Rezime : Rezime akyalite semèn nan, sòti dimanch kite 12 pou rive samdi 17 jiyè 2021 an.

image

ExodeNews ap envitew swiv rezime tout aktyalite kite pase pandan semèn nan, san retire san mete.

Soti dimanch 12 rive samdi 17 jiyè 2021 an

Dimanch kite 12 jiyè 2021 an, Direktè Jeneral Polis la te anonse yo arete Pastè Christian Emmanuel Sanon, nan kad ankèt yap mennen sou zak sasinay kite fèt sou Prezidan Jovenel Moise, madi kite 7 jiyè pase a. Daprè Dg polis la, sitwayen sa ki gen 63 lane, te rantre nan peyi a nan yon avyon prive, epi se li menm youn nan mèsenè yo te premye rele aprè yo te fini fè krim sa.

Stop Aksidan fè konnen, nan yon bilan yo bay jou lendi kite 12 jiyè a, soti nan dat 5 pou rive 11 jiyè 2021 an, te genyen yon total 30 aksidan sikilasyon kite rive fèt nan zòn : Kenskòf, Kòniyon, Laskaobas, Leyogan, Tòsèl, Ti Gwav, Kap Ayisyen, Dèlma 64, Gonayiv ak Wout Nèf, epi te genyen 72 moun kite blese ak 11 moun kite mouri.

Nan menm jounen lendi sa, Mèt Bed-Ford Claude kise komisè gouvènman jiridiksyon pòtòprens la, te tande ansyen Senatè Youri La Tortue ak Steven Benoît sou zak sasinay kite fèt sou Prezidan Jovenel Moise nan pèleren 5, daprè sa ansyen senatè yo fè konnen, yo vrèman regrèt sak pase a, yo pa konnen anyen sou dosye sa.

Madi kite 13 jiyè a, nan yon pwen pou Laprès kèk otorite nan gouvènman an te bay, Premye minis Claude Joseph te prezante komite kap gen pou òganize fineray nasyonal Prezidan Repiblik la, Jovenel Moise. Epi Frantz Exantus te pwofite demanti tout rimè kite fè kwè Fineray Prezidan an ap koute 350 milyon goud. Nan yon lòt bò, Liné Balthazar kise prezidan pati politik PHTK, te fè konnen, yo pap patisipe nan okenn eleksyon maskarad avèk Claude Joseph nan tèt peyi a.

Pandan menm jounen madi sa, nan vil jeremi, fineray Diego Charles bandi ak zam te asasinen nan kominn dèlma te chante, se te avèk anpil tristès fanmi, kòlèg travay, ak zanmi te vini bay jèn jounalis la yon dènye omaj.

Selon yon bilan otorite sanitè yo te bay, yo fè konnen genyen yon total 19, 374 ka korona viris ki konfime, 3, 180 moun ki pase lopital, 12, 977 moun ki trete ak 487 moun mouri sou teritwa nasyonal la. Nan objektif pou evite maladi sa pwopaje plis, MSPP mande pou tout moun aplike mezi baryè yo.

Nan jounen mèkredi 14 jiyè 2021 an, plizyè dizèn sitwayen te prezan devan palè nasyonal, nan objektif pou te depoze jèb flè ak limen balèn nan memwa Prezidan Jovenel Moise.

Duckens Nazon Moïse ak Roberto Badio Louima, se non 2 lòt jwè seleksyon nasyonal foutbòl la kite teste pozitif nan maladi kowona viris la, sa fè yon total 7 jwè seleksyon an ki trape maladi sa.

Komisè gouvènman pòtoprens la, kise Mèt Bed-Ford Claude te ekri Direktè imigrasyon an Joseph Cianciulli, pou li mandel pran tout dispozisyon ki nesesè pou anpeche sitwayen Corvington Reynold kite peyi a, paske li gen gwo enplikasyon nan zak sasinay kite fèt sou Prezidan Jovenel Moise la. Epi lapolis mete plizyè avi rechèch dèyè kèk endividi tankou ansyen senatè John Joèl Joseph, JAAR Rodolphe ak Badio Joseph Felix, pou asasina, tantativ asasina, ak vòlè zafè moun ak zam.

Nan objektif pou avanse avèk ankèt sou zak sasinay kite fèt sou Prezidan Jovenel Moise la, jou jedi kite 15 jiyè a, plizyè ajan (FBI) Federal Biwo Envestigasyon te vizite kay Prezidan an, ki twouvel nan Pèleren 5, kominn petyon vil. Epi nan yon nòt pou Laprès, Direktè Jeneral Polis la, Leon Charles, te pote yon demanti fòmèl kont tout rimè ki ta vle fè kwè aktyèl premye minis la, te patisipe nan konplo kont Prezidan Jovenel Moise.

Daprè sa Senateur Kedlaire Auguistin fè konnen nan Laprès, jou jedi kite 15 jiyè a, anviron 35 nèg ak gwo zam te tann yon anbiskad pou li nan zòn aviyasyon, bandi yo te menm rive tire yon ajan sekirite l, epi li menm se te anba gwo difikilte li te sove.

Aprè plizyè semèn li te pase nan peyi Cuba poul te kapab resevwa swen medikal ki nesesè, vandredi kite 16 jiyè a, ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide te retounen nan peyi a, se te avèk anpil jwa plizyè dizèn militan lavalas te ale rankontre ansyen pè Sen Jan Bosko a, nan èpòt la.

Aprè kèk jou depi antèman Diego Charles te chante nan vil jeremi, jou samdi kite 17 jiyè a, plizyè Asosiyasyon jounalis te òganize yon mès nan legliz Saint-Louis Roi de France nan lide pou onore memwa defen an.Epi nan menm jounen samdi sa, premye Dam nan, Martine Moise te retounen nan peyi a, aprè li te fini resevwa swen nan peyi Etazini.

ExodeNews la pou enfòme w !

image

PETIT FRÈRE Jean Rony Poito

Rédacteur

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant