ExodeNews envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase sòti lendi 30 mas la pou rive samdi 4 avril 2026 la an Ayiti, san retire, san mete.
Jou ki te lendi 30 mas 2026, yon atak ame sanglan te fèt nan zòn Jan Deni, Petite-Rivière de l’Artibonite. Plizyè dizèn moun te pèdi lavi yo pandan plizyè kay te boule. Aprè atak la, anpil fanmi te oblije kite lakay yo pou chèche refij lòt kote. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, se gwoup gang kap opere nan rejyon an ki responsab dram sa.
Nan dat 31 mas 2026 la, gouvènman an anonse yon seri mezi ekonomik pou redui depans Leta. Pami yo genyen limit sou vwayaj ofisyèl yo, rediksyon itilizasyon gaz nan administrasyon piblik, ak lòt dispozisyon pou fè fas ak difikilte ekonomik peyi a ap travèse.
Nan dat 1er avril 2026 la, premye manm Fòs Sipresyon Gang yo (FSG) te rive an Ayiti pou kontinye ede konbat gang yo. Fòs sa a gen ladan polisye ki soti nan plizyè peyi tankou Tchad, e yo vini pou sipòte Polis Nasyonal la. Rive fòs sa a bay espwa pou amelyore sitiyasyon sekirite a.
Gouvènman ayisyen an ki gen nan tèt li Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, te deside monte pri pwodwi petwolye yo. Nouvo tarif yo antre an vigè 2 avril 2026 la sou tout teritwa nasyonal la.
Nouvo pri yo :
• Gazolin : 725 goud
• Dizèl : 850 goud
• Kewozèn : 845 goud
Minis Komès ak Endistri a, James Monazard, te rankontre nan dat 1er avril 2026 la ak Minis Komès Eksteryè Lafrans la, Nicolas Forissier, pou ankouraje ekspòtasyon pwodwi ayisyen yo nan peyi Lafrans; kreye plis espas komèsyal pou Ayiti nan Team France Export a, ranfòse kapasite Ministè Komès ak Endistri sou mache ekspòtasyon ak atraksyon envestisman, epi ankouraje envestisman dirèk etranje atravè lwa HOPE ak devlopman enfrastrikti endistriyèl.
Ayiti ap ranfòse relasyon li ak Inyon Ewopeyen. Nan yon rankont ki te fèt 1er avril 2026 la, Minis Planifikasyon ak Kowòdinasyon Ekstèn nan, Sandra Paulemon, ansanm ak anbasadè UE a, Hélène Roos, te diskite sou sipò finansye pou devlopman peyi a, ki rive jiska 33 milyon euro. Rankont la make angajman UE pou kontinye sipòte pwojè devlopman ekonomik ak sosyal nan peyi a. Diskisyon yo te gen ladan tou fason pou amelyore kowòdinasyon ak efikasite nan itilizasyon fon yo pou pwojè estratejik nasyonal yo.
Yon lòt dosye ki te fè anpil pale se yon rapò l’ONU ki sòti 2 avril 2026 la, kote yo fè konnen gen plizyè ka eksplwatasyon seksyèl ki enplike kèk manm nan misyon miltinasyonal sipò ak sekirite a. Enfòmasyon sa a pwovoke anpil reyaksyon epi relanse kesyon sou kontwòl ak disiplin nan fòs etranje k ap opere nan peyi a.
Fòmasyon ajan espòtif kominal pou lapè, ki te lanse 30 mas 2026 la, te fini 1er avril 2026 la nan Biwo UNESCO nan Petyonvil. Pandan twa jou, 65 patisipan ki te soti nan nèf meri nan zòn metwopolitèn nan te resevwa fòmasyon sou espò kòm zouti pou edikasyon, pwomosyon dwa moun, prevansyon abi ak ranfòsman lapè nan kominote yo, anba direksyon Mèt Edwing Charles, ki se prezidan ONASH.
Nan dat 3 avril 2026 la, plizyè òganizasyon dwa moun kritike otorite yo pou jan sitiyasyon sekirite a ap degrade. Yo fè konnen popilasyon an pa pwoteje ase, pandan gang yo kontinye elaji enfliyans yo nan Pòtoprens ak kèk lòt rejyon nan peyi a. Yo mande plis mezi ijan pou retabli sitiyasyon an.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te fè konnen, nan dat 4 avril 2026 la, pa gen okenn nouvo règleman sou kesyon mete mayo nan lekòl yo. Rimè ki t ap sikile sou rezo sosyal yo ki te fè konnen elèv yo dwe pote mayo nan lekòl yo se fo. Ministè a mande paran, elèv ak tout kominote edikatif la pou yo toujou swiv kominikasyon ofisyèl yo sèlman epi pa kwè fo enfòmasyon.
Suiv chanèl watsap nou an pou toujou rete konekte ak nou https://whatsapp.com/channel/0029VawGork1noz1ARWkge2U
ExodeNews là pou enfòme w!



































