ExodeNews envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase sòti lendi 6 pou rive samdi 11 avril 2026 la an Ayiti, san retire, san mete
Plizyè chofè nan rejyon Metwopolitèn Pòtoprens lan ak manm kèk òganizasyon sosyo politik te òganize, lendi 6 avril 2026 la, yon jounen pwotestasyon pou denonse ogmantasyon pri gaz la. Nan sans sa plizyè aks sou wout Dèlma tankou Dèlma 33, 65 ak 75 te bloke ak barikad epi kawotchou tap boule, sa ki te paralize sikilasyon an pandan plizyè èd tan.
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Espò pou Lapè a 6 avril 2026 la, 65 ajan espòtif resevwa sètifika apre yon fòmasyon ONASH, MJSAC ak UNESCO te òganize. Inisyativ sa te vize itilize espò pou ankouraje lapè, dwa moun ak diminye vyolans nan kominote yo, ansanm ak pwojè pou konstwi yon teren foutbòl nan Site Solèy pou sipòte jèn yo.
Toujou nan dat 6 avril 2026, PNH la ansanm ak “Task Force” la te lage plizyè dwonn kamikaz nan zòn Savien, nan Ti Rivyè Latibonit, nan baz gang kriminèl Lucson Elan. Operasyon sa a fè pati entèvansyon sekirite pou frape rezo gang yo nan rejyon an. Okenn bilan ofisyèl sou operasyon poko pibliye.
7 avril 2026 la, nan okazyon doub komemorasyon 223e anivèsè lanmò Toussaint Louverture a ak 43e anivèsè kreyasyon MUPANAH, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te fè yon diskou kote li te rann omaj ak ewo sa. Li te depoze yon ofrann flè nan sou Chann Mas la epi relanse Flanm etènèl la. Li te souliye enpòtans MUPANAH kòm yon “kafou konsyans nasyonal” epi li te raple nesesite pou respekte listwa peyi a. Premye minis la te fini pou reafime angajman Leta pou retabli otorite repiblik la, amelyore sekirite epi òganize eleksyon ki kredib, enklizif ak demokratik.
Madi 7 avril 2026 la, Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn lan, Sandra Paulemon, te òganize premye reyinyon travay li ak direktè depatmantal yo ansanm ak responsab sèvis santral MPCE yo nan Pòtoprens. Reyinyon sa a te sèvi pou evalye sitiyasyon direksyon yo, idantifye difikilte yo ap rankontre, epi chèche solisyon pou ranfòse aksyon ministè a nan tout depatman yo. Minis la te mete aksan sou nesesite pou gen yon pi bon kowòdinasyon ant nivo santral ak nivo depatmantal yo, pandan li raple wòl kle direksyon yo nan aplikasyon politik piblik yo.
Biznisman ayisyen Réginald Boulos te libere jou madi 7 avril 2026 Ozetazini, aprè anviwon 8 mwa li te pase nan detansyon sèvis imigrasyon yo. Selon jounalis Valerio Saint Louis (Télé Image), li ta ale nan peyi Kolonbi aprè liberasyon li an. Li te kite sant detansyon an ansanm ak madanm li ak pitit li yo, epi li te pran yon jèt prive pou ale nan peyi sa a pou rezon sekirite.
Madi 7 avril 2026 la, minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Dr Vijonet Déméro, te inogire nouvo enfrastrikti Lekòl Nasyonal Ducis nan Tòbèk, Sid peyi a. Travay sa yo fèt pou reponn ak domaj tranblemanntè 14 out 2021 an te lakòz. Lekòl la, ki te fonde an 1929, resevwa pou ane sa a 391 elèv, pami yo 191 tifi ak 200 tigason, depi preskolè jiska 9e ane fondamantal.
Nan dat 8 avril 2026 la, Minis Sandra Paulemon te rankontre Komisyon Refòm Finans Piblik ak Gouvènans Ekonomik la pou evalye avansman refòm yo. Yo te diskite sou plizyè gwo aks tankou bidjè, transparans, jesyon lajan Leta ak konbat koripsyon. Minis la te mande plis kowòdinasyon ant enstitisyon yo ak rezilta ki pi konkrè pou amelyore gouvènans ekonomik peyi a.
Gouvènman ayisyen an te remèt, mèkredi 8 avril 2026 la , 2 chèk 264 milyon goud, sa ki fè yon total 528 milyon goud, bay Komite normalizasyon Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, pou rekonpanse kalifikasyon an Grenadye yo epi prepare ekip la pou Mondyal 2026 la.
Nan dat 9 avril 2026 la, Administrasyon Jeneral Dwann yo te anonse yon ogmantasyon enpòtan nan resèt ladwann yo pou mwa mas 2026 la, ki rive a plis pase 12,4 milya goud, sa ki reprezante yon ogmantasyon prèske 39% konpare ak menm peryòd an 2025. Rezilta sa yo depase tou objektif Ministè Ekonomi ak Finans lan, ak yon nivo reyalizasyon 107%. Daprè otorite yo, amelyorasyon sa yo se rezilta ranfòsman kontwòl yo ak pi bon disiplin fiskal.
Nan yon rapò ki pibliye jedi 9 avril 2026 la, ORDEDH te fè konnen 738 moun pèdi lavi yo pandan premye trimès ane sa an Ayiti, sa ki montre yon ogmantasyon vyolans ame yo nan plizyè rejyon. Rapò a mete aksan sou sitiyasyon grav nan Latibonit, kote lokalite tankou Jean Denis, Fonds-Benoît ak Mibalè te sibi atak ame nan fen mwa mas la. Selon òganizasyon an, sitiyasyon sekirite a kontinye ap deteryore nan tout peyi a.
Nan okazyon Jounen Mondyal Pwopriyete Entelektyèl la, Ministè Komès ak Endistri, atravè Direksyon Afè Jiridik (DAJ), anonse yo pwolonje dat limit pou soumèt kandidati pou 3e edisyon konkou disètasyon sou pwopriyete endistriyèl la. Dat ki te prevwa pou 10 avril 2026 la chanje, li vin fikse pou 15 avril 2026.
Jou ki te vandredi 10 avril 2026 la, PNH la ak sipò Task Force la ak plizyè inite espesyalize, te mennen plizyè operasyon nan Pòtoprens pou reprann kontwòl divès espas gang ame te okipe. Operasyon yo pèmèt yo reprann FASCH, Inivèsite Teknoloji Ayiti, Enstiti Etid ak Rechèch Afriken Ayiti, ansanm ak lokal Komisyon Nasyonal Mache Piblik yo. Selon PNH la, espas sa yo sekirize kounye a, pandan Fòs Lame Ayiti a (FADH) responsab pou kenbe sou kontwòl sekirite.
Ariana Milagro Lafond, 19 lane, genyen 8e edisyon konkou House Of Challenge la ki te fèt nan Togo 11 avril 2026 la. Li rete san defèt pandan tout konpetisyon an epi li bat finalis kamerounè MK Michelle nan final la. Avèk viktwa sa a, li ranpòte 30 milyon FCFA, yon machin ak yon vwayaj pou ale nan peyi Lachin.
Gouvènman ayisyen an eksprime gwo tristès aprè trajedi ki rive samdi 11 avril 2026 la nan Citadelle Laferrière a nan Nò peyi a, pandan yon aktivite touris ki te rasanble anpil jèn. Ensidan sa, sikonstans li poko fini klè, lakòz gwo emosyon ak chòk nan tout peyi a.
ExodeNews la pou enfòme w!



































