À la une

An Kreyòl - Rezime : Rezime Aktyalite semèn nan sòti lendi kite 6 pou rive jou samdi kite 11 septanm 2021 an.

image

Exodenews envite w swiv tout Aktyalite kite pase pandan semèn nan, san retire, san mete.

Sòti lendi 6 pou rive samdi kite 11 septanm 2021 an.

Nan yon bilan Madam Cassandra Jean François kise younn nan responsab òganizasyon Stop aksidan te bay jou lendi kite 6 septanm 2021 an, li te fè konnen soti nan dat 30 dawout la pou rive 5 septanm 2021 an, te genyen yon total 42 aksidan sikilasyon kite rive fèt nan zòn : Leyogan, Wanament, Breman ( Jakmèl ), Nazon, Vètyè, Fresino ( Sen Mak ), Tòbèk, Kafou Samida, Ansapit, Ti Gwav, Dèlma 33, Dèlma 65 ak kèk lòt zòn.
Toujou nan Kad aksidan yo te genyen 17 moun kite mouri, pami yo 2 fanm ansent.

Premye minis Ariel Henry te òganize yon reyinyon an ijans avèk tout antite ki fè pati konsèy Siperyè polis nasyonal la, sou sitiyasyon sekirite jeneral peyi a.
Pm Ariel te fè konnen plizyè mezi pral pran nan lide pou retabli yon klima lapè nan peyi a.

Nan yon bilan ofisyèl direksyon pwoteksyon sivil te bay, yo te fè konnen nan dènye tranbleman tè kite pase nan gran sid peyi a 14 dawout pase a, genyen 2248 moun ki mouri, 12 763 moun ki blese, 329 moun ki disparèt, 53 815 kay ki kraze plat avèk 83 770 lòt kay ki andomaje.

Nan lide pou pote sekou bay moun kite viktim nan dènye tranbleman tè kite pase 14 dawout la nan gran sid peyi a, Leta ayisyen te resevwa 25 tònn ekipman sanitè nan men gouvènman peyi Taywanè a. Pm Ariel Henry te pwofite okazyon an pou l te remèsye peyi zanmi ayiti sa nan non pèp ayisyen an.

Daprè sa Diaro Libre kise yon jounal dominiken te fè konnen, otorite sanitè ayisyèn yo te refize yon èd 100 000 vaksen kont maladi kowonaviris la, peyi Sendomeng te deside fè ayiti kado. Toujou daprè jounal la, vaksen sa yo transfere nan peyi Gwatemala nan lide pou konbat maladi Covid-19 la.

Nan yon nòt pou Laprès, APPE kise asosiyasyon pwofesyonèl petwòl te anonse minis jistis la, Mèt Rockfeller Vincent, kamyon gaz yo paka vini chaje pou ale distrisbiye nan sant petwolye yo, akòz sitiyasyon ensekirite a. APPE egzije sipò otorite yo nan objektif pou sekirize tout materyèl travay yo.

Jou jedi kite 9 septanm 2021 an, se te avèk anpil tristès fanmi, zanmi ak fanatik te aprann lanmò direktè gwoup mizikal Sistèm Band la, Isnard Douby. Aprè plizyè mwa depi chantè a te etène lopital nan peyi Etazini, li pat rive sove anba maladi kowona viris la, ki deja pote ale anpil moun nan mond lan.

Nan okazyon 11èm anivèsè konpayi telefòn Natkòm an Ayiti, responsab kominikasyon enstitisyon sa te anonse, yo bay ministè edikasyon nasyonal yon montan 2 500 000 dola ameriken, 20 sal enfòmatik, 25 chèz, 25 tab avèk yon koneksyon entènèt ki valab pou 3 lane. Direksyon antrepriz sa te pwofite okazyon an pou l remèsye pèp ayisyen an pou kontribisyon li pote nan pwogrè konpayi a.

Jou vandredi kite 10 septanm 2021 an, jij Gary Orelien kap trete dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moise la pat rive tande ansyen nimewo 1 Inite sekirite jeneral palè nasyonal la, kise Dimitri Hérard, akoz yon problèm kouran palè jistis la ap konnen depi kèk jou.

Komisè gouvènman pòtoprens la, Mèt Bed Ford Claude, envite premye minis Ariel Henry pou l vini prezante devan pakè a jou madi kap 14 septanm 2021 an. Selon chèf pakè a, envitasyon sa rantre nan kad ankèt kap mennen sou zak sasinay kite fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moise 7 jiyè pase a.

Nan yon nòt OPC te pibliye jou samdi kite 11 septanm 2021 an, yo te mande Premye minis Ariel Henry pou l demisyone nan pòs li, paske selon enfòmasyon dijisèl bay li te pale nan telefònn avèk younn nan moun ki akize nan dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moise la, kise Joseph BADIO.
PM Ariel bò kote pa li fè konnen se divèsyon moun ki gen enterè nan dosye a ap fè, nan objektif pou yo antrave travay lajistis.

Daprè direksyon jeneral polis la, nan kad yon operasyon espesyal ki rele mache pran yo BLTS te mennen samdi 11 septanm lan, yo te sezi 2,15 kilogram kokayinn nan Aryopò entènasyonal Toussaint l’ouverture , pandan operasyon sa genyen Michelet LaPOINTE ak Edner Remy kite jwenn arestasyon yo.

Exodenews la pou enfòme w.

image

PETIT FRÈRE Jean Rony Poito

Rédacteur

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant