À la une

Rezime aktyalite semèn nan sòti lendi 13 pou samdi 18 avril 2026 la avèk ExodeNews

image

ExodeNews kontan prezante w rezime aktyalite semèn nan sòti lendi 13 pou rive samdi 18 avril 2026 la. Travay sa reyalize gras ak jounalis nou yo ki angaje e detèmine pou sèviw.

LaPolis te anonse nan dat lendi 13 avril la arestasyon anviwon 8 moun aprè dram ki te rive nan Sitadèl Laferyè a. Pami moun ki te entèpele yo genyen majistra Milo a Wesner Joseph avèk Direktè ISPAN an Néard Archild ki li menm te sove aprè sa.

Minis Komès ak Endistri a, James Monazard, te resevwa anbasadè Meksik an Ayiti a,Jesús Cisneros, nan biwo li.
Rankont sa a te fèt pou ranfòse relasyon ant 2 peyi yo. Yo te diskite sou fason pou devlope komès ant Ayiti ak Meksik, espesyalman nan zafè enpòtasyon ak ekspòtasyon, epi sou opòtinite pou elaji aktivite endistriyèl yo.

Nan dosye asasina Jovenel Moïse la, se plis pase 150 000 dola ameriken ki te distribye bay plizyè moun ki enplike nan krim nan. Nan lajan sa, 80 000 dola te sèvi pou konwonpi kèk ajan USGPN, 30 000 dola pou CAT Team, epi 10 000 dola pou akize Joseph Félix Badio. Se biznismann Rudolph Jaar, yo rele « Dodof », ki fè revelasyon sa yo lendi 13 avril 2026, pandan yon seyans odyans nan kad jijman sou asasina ansyen prezidan ayisyen an Ozetazini.

Plizyè santèn ouvriye k ap travay nan SONAPI te lanse, depi lendi 13 avril la, yon seri mouvman pwotestasyon pou mande ogmantasyon salè minimòm nan. Nan yon kontèks kote pri gaz la monte, ouvriye yo ap reklame yon salè ki ant 2 500 ak 3 000 goud pa jou nan faktori tekstil yo nan lide pou amelyore kondisyon lavi yo.

Nan sware lendi 13 avril la Prezidan Federasyon Bawo Ayiti yo te blese anba plizyè bal nan vil Okap nan sikonstans ki pa fini klè. Aprè pwòch li yo te kouri lopital an ijans ak li, lavi Me. Ronel Telcyde pat an danje.

Omwen 10 moun pèdi lavi yo nan lannwit lendi 13 pou rive madi 14 avril la nan kad yon bandi fè sou katye Segen nan depatman Sidès peyi a. Asayan yo te boule komisarya ak plizyè machinn. Atak sa fèt aprè plizyè jou kote abitan te lanse alèt bay otorite konsène yo pou yo te anpeche sa rive.

Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan, Sandra Paulemon, te pran pawòl jou ki te 14 avril la nan George Washington University, nan kad yon echanj akademik sou kesyon sante ak finansman piblik. Pandan entèvansyon li, li prezante vizyon gouvènman ayisyen an nan domèn sante, mete aksan sou gwo difikilte estriktirèl peyi a ap fè fas ak efò k ap fèt pou amelyore aksè ak swen sante, sitou pou moun ki pi vilnerab yo.

Nan Monwi, yon nouvo komisyon kominal te enstale 14 avril la pou dirije meri a. Sepandan, gen plizyè abitan ki denonse swadizan lyen ki ta egziste ant youn nan manm yo ak gwoup ame « Taliban », daprè enfòmasyon Lentille Info rapòte.

Madi 14 avril la, Minis Komès ak Endistri a, James Monazard, siyen yon akò 10.2 milyon dola ameriken pou lanse pwojè ALPLA HAITI S.A. nan zòn franch CODEVI ak Wanament. Pwojè sa a vize ranfòse endistri nan Grand Nò a, kreye nouvo djòb, devlope kapasite travayè yo epi modènize sektè endistriyèl la.

PNH la te fè konnen, mèkredi 15 avril la, yo voye plizyè ajan UTAG nan zòn Seguin nan Sidès peyi a pou ranfòse batay kap fèt pou chase bandi kap tante anvayi rejyon.

Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn lan, Sandra Paulemon, ansanm ak delegasyon li, te fè yon reyinyon enpòtan nan Washington nan dat 15 avril ak Anne-Lucie Lefebvre, reprezantan Bank Mondyal an Ayiti. Rankont sa a vize ranfòse patenarya ant Ayiti ak Bank Mondyal, epi amelyore kowòdinasyon ak efikasite pwojè devlopman yo. Pandan diskisyon yo, Bank Mondyal prezante anviwon 15 pwojè k ap fèt nan peyi a, pou yon montan total anviwon 1.5 milya dola ameriken, epi li reafime angajman li pou sipòte Ayiti ak pwojè ki gen gwo enpak.

Yon rankont te fèt mèkredi 15 avril la ant PM Alix Didier Fils-Aimé ak Sekretè Jeneral adjwen Nasyonzini pou Sirete ak Sekirite, Gilles Michaud. Yo te diskite sou sitiyasyon sekirite peyi a ak deplwaman Fòs Represyon Gang yo.

PNH la inogire, nan mitan semèn lan, yon nouvo batiman administratif nan komisarya Jeremi an pou modènize sèvis yo epi amelyore resepsyon sitwayen yo. Batiman an gen sis biwo fonksyonèl, tankou yon biwo pou vyolans ki baze sou sèks, yon lòt pou Brigad Pwoteksyon Minè, epi li gen espas pou direksyon depatmantal la. Genyen tou 2 sal gadavi ki fèt selon nòm yo, ansanm ak yon sal konferans pou reyinyon ak fòmasyon. Anplis, batiman an ekipe ak yon sistèm solèy 10 kilowat.

Jou ki te mèkredi 15 avril la, medsen entèn nan Hôpital universitaire La Paix yo te lanse hon mouvman pwotestasyon pou mande peye yo nèf mwa estaj. Yo deklare yo detèmine pou fè respekte dwa yo, epi yo refize kontinye bay swen ak pasyan yo toutotan yo pa jwenn yon repons klè.

Nan vil Sen Mak, jedi 16
la, popilasyon an te leve kanpe pou te opoze ak retrè plizyè blende ki te dwe retounen Pòtoprens. Aprè gwo mouvman pwotestasyon sitwayen yo, lapolis te oblije fè bak epi kite blende yo nan komisarya a. Sa lakoz gwo enkyetid sou sitiyasyon sekirite nan Ba Latibonite la.

Sandra Paulemon te rankontre, jedi 16 avril la, ak prezidan Bank Devlopman Karayib la nan Washington pou diskite sou yon finansman anviwon 200 milyon dola ameriken pou sipòte devlopman ann Ayiti.
Diskisyon yo te konsantre sou priyorite gouvènman an tankou sekirite, ekonomi ak eleksyon, pandan bank lan reyafime angajman li pou kontinye akonpaye peyi a.

Jedi 16 avril la, akonpanye avèk avoka li mèt Mario Delcy, Direktè jeneral Polis Nasyonal Ayiti a, Vladimir Paraison, te prezante devan Kou Dapèl Pòtoprens pou yo tande l nan kad ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Odisyon sa a fèt kòm yon pati nan ankèt k ap mennen pou chèche verite sou krim nan.

Minis Jistis la, Patrick Pélissier, bay lòd pou ranfòse sekirite Joseph Félix Badio, selon yon korespondans li voye nan dat 17 avril la bay direktè jeneral PNH la, André Jonas Vadimir Paraison. Li mande mezi sevè, ak kontwòl total sou tout moun k ap gen aksè ak prizonye a. Badio se younn nan enkilpe ki nan rakonte devan lajistis pou patisipasyon prezime li nan asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la.

Rivera García deklare vandredi 17 avril la devan lajistis nan peyi Etazini, James Solages te bay lòd pou touye tout moun pandan operasyon lakay prezidan Jovenel Moïse la. Li ajoute tou yo te avèti prezidan an te gen zam, sa ki fè yo te vin pi prepare pou fè krim.

Vandredi 17 avril la, yon nouvo responsab te enstale nan tèt Polis Sidès la. Komisyè divizyonè Appolos Villette pran tèt direksyon depatmantal la, ranplase Magalie Belneau. Komisyè prensipal Mathias Jean David vin direktè adjwen, pandan CP Moriceau Jean Pierre Ketler pran direksyon awondisman Jakmèl.

Yon delegasyon ki gen ladanl plizyè ofisyèl nan gouvènman an te vizite Solino 17 avril la pou evalye degre dega yo epi idantifye bezwen ijan popilasyon an ki afekte anba ensekirite a.. Vizit sa a fè pati efò gouvènman an pou ranfòse asistans sosyal, amelyore sekirite epi prepare aksyon pou ede estabilize katye a.

Sitiyasyon an nan Seguin, Marigo, anba kontwòl ankò selon PNH la, ki ranfòse prezans li nan Sidès la. Komisè Villette Appolos te vizite, samdi 18 avril la, zòn nan aprè atak bandi Kenscoff te fè sou popilasyon an ak komisarya a semèn pase a.

ExodeNews la pou enfòme w !

image

La rédaction

La rédaction

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant