ExodeNews kontan prezante w rezime aktyalite semèn nan sòti lendi 20 pou rive samdi 25 avril 2026 la. Travay sa reyalize gras ak jounalis nou yo ki angaje e detèmine pou sèviw.
Yon operasyon plizyè ajan UTAG te mennen lendi 20 avril la nan zòn Seguin fini nan echanj kout zam aprè bandi ak zam yon lòt fwa te atake lokalite sa. Plizyè bandi mouri, epi lapolis sezi plizyè gwo zam nan men asayan sa yo.
Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan, Sandra Paulemon, te pran lapawòl lendi 20 avril la nan ONU, nan kad Fowòm 2026 ECOSOC la kap fèt sou finansman devlopman.
Sandra Paulemon pale nan non gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a, kote li konfime pozisyon Ayiti ansanm ak CARICOM ak Gwoup 77 ak Lachin. Minis la te souliye sitiyasyon difisil peyi a, sitou sou plan imanitè ak sosyal, pandan li raple 5.7 milyon Ayisyen ap soufri grangou, ladan yo 1.9 milyon nan nivo ijans. Li fè konnen sa yo pa senp chif, men yon reyalite grav ki mande aksyon.
Nouvo komisyon minisipal Monwi a enstale nan maten 20 avril la nan kominn Dèlma. Desizyon sa a vini nan yon kontèks kote komin nan ap fè fas ak gwo difikilte administratif ak sekirite. Minis Enteryè a, nan non gouvènman an, te enstale nouvo ekip la ki pral jere kominn nan jiskaske pwochen eleksyon yo.
PNH la kontinye ranfòse efikasite li sou teren an. Nan sans sa, Chèf Polis la, André Jonas Vladimir Paraison, fè yon vizit enspeksyon lendi 20 avril la nan garaj enstitisyon an nan Taba pou evalye eta machin yo. Vizit la te fèt ak plizyè gwo responsab pou verifye ki machin ki an bon eta, ki bezwen reparasyon, ak sa ki dwe ranfòse pou amelyore kapasite operasyonèl Polis la.
Nan Latibonit, òganizasyon ak manm sosyete sivil la te deside bloke Wout Nasyonal nimewo 1 an madi 21 avril la pou denonse ensekirite a ak move kondisyon lavi yo nan rejyon an. Mouvman an vize atire atansyon otorite yo sou vyolans gang yo, ki deja lakòz plizyè masak, espesyalman nan zòn Jan-Deni.
Nan aprèmidi madi 21 avril la, nan Petyonvil, plizyè milye moun, te pran lari pou resevwa Ariana Milagro Lafond, ki fè fyète peyi aprè li te genyen konkou House Of Challenge.
Depi Otèl El Rancho rive nan meri a, se te yon gwo akèy popilè ak anpil emosyon. Otorite lokal yo ansanm ak popilasyon an te òganize yon resepsyon espesyal, ak yon anbyans ki te sanble ak kanaval, ak mizik, rara, drapo ayisyen ak moun ki t ap mache pou akonpaye kòtèj la.
Nan kad ranfòsman kapasite operasyonèl lame a, 339 nouvo sòlda antre ofisyèlman nan ran FAD’H la nan yon seremoni ki te fèt madi 21 avril la nan baz militè Vètyè a nan Komin Taba. Pwomosyon an rele ”Capois La Mort”. Pandan seremoni an, nouvo sòlda yo te prete sèman pou respekte Konstitisyon an epi sèvi ak defann peyi a. Yo te resevwa yon fòmasyon solid ki enkli disiplin militè, respè dwa moun, egalite fanm ak gason, ansanm ak pwoteksyon sivil.
Konsèy elektoral pwovizwa te rankontre, madi 21 avril la, Chaje dafè Anbasad Kanada Ayiti, Jacob Gateau. Yo te diskite sou pwosesis elektoral la, revizyon kalandriye a ak amonizasyon dekrè elektoral la ak Pak pou gouvènabilite ak òganizasyon eleksyon yo.
Ministè Komès ak Endistri, ki gen nan tèt li James Monazard, ranfòse relasyon ekonomik li ak peyi Brezil aprè yon rankont ak anbasadè Brezil la nan peyi a, madi 21 avril la. Diskisyon yo te konsantre sou ogmantasyon echanj komèsyal, posibilite pou siyen yon akò, epi devlope koperasyon nan domèn antreprenarya ak fòmasyon teknik ant de peyi yo.
Mèkredi 22 avril la, Bibliyotèk minisipal kominn Dèlma a te relouvri sou direksyon majistra Wilson Jeudy. Seremoni an te reyini plizyè otorite nan edikasyon ak administrasyon. Plizyè elèv ak etidyan te patisipe, sa ki montre enpòtans bibliyotèk la kòm yon espas aprantisaj pou jèn yo.
Mèkredi 22 avril la, nan yon rankont, otorite PNH yo, Japon ak PNUD anonse ranfòsman enfrastrikti ak sekirite lekòl Polis la, ak nouvo ekipman, dòtwa ak sal klas. Yo prevwa tou ouvè de sant nan Nò ak Sid peyi pou pi bon aksè fòmasyon ajan yo. Travay yo gen ladan yo enstalasyon fil fè, sistèm kamera siveyans, ekipman radyografi, ak limyè solè. PNUD anonse tou konstriksyon nouvo sal klas ak yon dòtwa pou fanm ki pral antre nan polis la.
Ministè Planifikasyon lanse yon bilten enfòmasyon chak semèn, MPCE-HEBDO, pou enfòme piblik la sou aksyon ak inisyativ lap pran yo. Objektif la se rann enstitisyon an pi pwòch ak sitwayen yo atravè enfòmasyon klè ak regilye. Ministè a sèvi kòm yon aktè kle nan planifikasyon devlopman peyi a, kowòdinasyon koperasyon entènasyonal ak pwogram envestisman piblik, pandan li asire swivi ak evalyasyon pou garanti aksyon yo an akò ak priyorite nasyonal yo.
Direktè Kès Asistans Sosyal la, Johnny Raphaël, ansanm ak plizyè lòt responsab, anba akizasyon aprè yon plent ki depoze kont yo nan Pakè Pòtoprens pou detounman chèk. Daprè plenyan an, Bernard Jean Louis, ki se kontraktyèl nan enstitisyon an, gen plizyè chèk travay li ki debloke, deplase oswa lajan yo pran san konsantman li. Li site tou enplikasyon kèk ajan tankou kontab an chèf Wilinsky Dieujuste ak yon konseye Yvens François nan dosye a.
Nan vil Okap, jou ki te jedi 23 avril la, plizyè patizan majistra Milo a, Wesner Joseph, te manifeste devan pakè a pou mande liberasyon li. Yo te fè konnen arestasyon li, ki gen rapò ak trajedi Sitadèl la, pa jis e li fèt ak move entansyon.
Vandredi 24 avril la, Ministè Anviwònman kondane zak vandalism ki fèt nan Jaden Botanik Okay la, li konsidere sa kòm yon gwo atak sou yon patrimwàn nasyonal ki enpòtan pou rechèch ak pwoteksyon lanati.
Otorite yo di yo deja pran mezi pou sekirize sit la epi sispann tout aktivite yo, pandan ankèt yo ap kontinye pou klarifye sa ki pase a.
Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) fè konnen li voye bay Egzekitif la, vandredi 24 avril la, yon pwojè dekrè ki amonize ak dispozisyon Pak nasyonal pou estabilite ak òganizasyon eleksyon yo, aprè li te revize ansyen dekrè 1e desanm 2025 la. KEP fè konnen tou lap reevalye bidjè operasyon elektoral yo, avèk yon komisyon ki gen ladann reprezantan enstitisyon an, PNUD, UNOPS ak BINUH. Enstitisyon an anonse tou li ap travay sou yon nouvo kalandriye elektoral.
Nan okazyon Jounen mondyal pwopriyete entelektyèl la, ki te selebre vandredi 24 avril la nan Otèl Montana, Ministè Komès ak Endistri (MCI) te reyini plizyè aktè enpòtan nan Leta, sektè prive ak inivèsite yo. Tèm nan se te : « Pwopriyete endistriyèl ak espò an Ayiti : ansanm ann avanse nan inovasyon ».
Minis James Monazard nan diskou li te mete aksan sou enpòtans pwopriyete entelektyèl nan devlopman ekonomi an, sitou pou pwoteje kreyasyon yo, ankouraje inovasyon ak valorize mak lokal yo. Yo te tou salye pèfòmans seleksyon nasyonal foutbòl la sou plan entènasyonal.
“Programme Konbit Haïti Zéro Déchet” a te ofisyèlman lanse samdi 25 avril la nan vil Okap. Inisyativ sa kap reyalize anba direksyon Ministè anvironnman ak SNGRS vize amelyore jesyon fatra, espesyalman sou litoral ki sòti bò ayewopò a rive nan sant vil la.
Swiv chanèl watsap la pou rete konekte avèk ExodeNews https://whatsapp.com/channel/0029VawGork1noz1ARWkge2U
ExodeNews là pou enfòme w !



































