À la une

Rezime aktyalite semèn nan sòti lendi 27 avril la pou rive samdi 2 me 2026 la avèk ExodeNews

image

ExodeNews kontan prezante w rezime aktyalite semèn nan sòti lendi 27 avril la pou rive samdi 2 me 2026 la. Travay sa reyalize gras ak jounalis nou yo ki angaje e detèmine pou sèviw.

Yon reyinyon estratejik te fèt ant reprezantan FAO an Ayiti ak Minis Komès ak Endistri a, James Monazard, sou lidèchip Premye minis Alix Didier Fils-Aimé lendi 27 avril la. Diskisyon yo te konsantre sou fason pou ranfòse filyè agrikòl yo, sitou mango, kakawo ak lapèch, ki gen gwo potansyèl ekonomik pou peyi a.

Lendi 27 avril la, mèt Osnel Antoine, avoka nan bawo Mibalè, jwenn arestasyon li nan Kou dapèl Pòtoprens. Se DCPJ ki entèpele li pandan li t ap vin defann kliyan li Victor Profane.
Arestasyon an fèt sou baz yon manda jij Benjamin Felismé nan yon dosye tè.

Lendi 27 avril la, Magalie Habitant, Victor Profane ak Elionor Devallon te parèt devan Kou dapèl Pòtoprens, nan kad ankèt lajistis ap mennen sou yo pou gwo akizasyon tankou finansman teworis, asosyasyon malfektè ak konplisite ak gwoup ame. Yo te arete yo depi lane 2025. Lajistis sispèk yo ta bay sipò lojistik, lajan ak lòt mwayen bay rezo kriminèl yo nan peyi a.

Majistra Milo a jwenn liberasyon li madi 28 avril la. Nap raple ou Wesner Joseph te arete aprè gwo dram ki te rive nan Sitadèl Henri a kote anviwon 25 moun te pèdi lavi yo.

4 polisye ki te jwenn arestasyon yo nan kad yon konfli ak Direktè Depatmantal polis Lwès 1, Yvon Cantave, jwenn liberasyon yo madi 28 avril la, aprè gwo mouvman plizyè lòt polisye te òganize nan Dèlma lendi 27 avril la.

Asosyasyon Pwofesyonèl Majistra yo (APM) kondane ak tout fòs yo, madi 28 avril la, menas lanmò ki vize jij enstriksyon Nesly Phèle, nan Tribinal Premye Enstans Ench. Menas sa yo rive apre jij la te rann yon òdonans ki voye ansyen senatè Wilo Joseph ansanm ak ansyen grefye an chèf Wilfrid Elie devan tribinal kriminèl pou fo dokiman piblik ak abi fonksyon.

Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) fè konnen li voye bay Egzekitif la, madi 28 avril 2026, yon bidjè elektoral revize pou òganize pwochen eleksyon yo. Selon KEP a, dokiman sa a fèt aprè travay yon komisyon teknik ki te gen ladan kad KEP ansanm ak reprezantan UNOPS, PNUD ak BINUH. Bidjè a pran an kont de (2) senaryo diferan selon chwa teknik ak operasyonèl yo pou reyalizasyon eleksyon yo. KEP ap travay sou yon nouvo kalandriye elektoral tou pou mete sou pye yon pwosesis ki pi reyalis, kredib, epi ki adapte ak difikilte peyi a ap fè fas.

Nan okazyon 70zyèm anivèsè relasyon Ayiti ak Japon, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé salye bon jan koperasyon ant de peyi yo nan yon seremoni ki òganize madi 28 avril la nan Pòtoprens. Li mande pou ranfòse kolaborasyon eta sa yo sou plan sekirite, ekonomi ak diplomasi, epi li remèsye Japon pou sipò li bay Ayiti, sitou nan devlopman ak eleksyon.

Nan yon kominike yo pibliye 29 avril la, Rhum Barbancourt, Brasserie de la Couronne S.A. ak Séjourné S.A. fè konnen sitiyasyon sekirite a vin grav anpil bò kote antrepriz yo, ant Wout Nasyonal #1 ak Wout #9 la..Yo esplike move eta wout la anpeche PNH la entèvni byen, sitou nan zòn ayewopò Toussaint Louverture a. Yo mande Leta aji prese presse pou repare wout la, reprann kontwòl zòn nan epi pwoteje popilasyon an.

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé resevwa, mèkredi 29 avril la, Princess Sarah Zeid, ki sòti nan peyi Jordani, pandan yon vizit imanitè an Ayiti. Yo te pale sou kriz imanitè a, sitou sou kondisyon moun ki deplase yo, fanm ak timoun yo. Nan kad rankont sa, premye minis la fè konnen gouvènman an ap travay pou amelyore lavi popilasyon an, ranfòse sekirite a, epi prepare peyi a pou eleksyon.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm òganize yon dine espesyal mèkredi 29 avril la nan otèl Montana pou onore Abigaïl Alexandre ak Ariana Milagro Lafond. Objektif la se te felisite de jèn fanm sa yo ki fè Ayiti briye nan konkou entènasyonal an Frans ak Togo.

Aprè sitwayen yo nan zòn Chanpen ak Vètyè te chase minis Afè Sosyal la Marc-Elie Nelson pandan yon distribisyon diri, yo te bloke plizyè wout nan rejyon an mèkredi 29 avril la pou pwoteste kont move eta wout yo divès kote nan depatman Nò a. Manifestan yo te pwofite denonse minis Travo Piblik la, Joseph Almathe Pierre Louis ak direktè depatmantal la Wilson Augustin, yo akize pou neglijans yo ki mete popilasyon an nan plis soufrans epi ki bloke devlopman zòn nan.

Jèn atis Watson-G jwenn liberasyon li nan peyi Bahamas mèkredi 29 avril la., aprè li pase anviwon yon jou prizon paske li t ap vwayaje ak plis pase 10 mil dola ameriken san li pa t deklare sa.

Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan, Dr Sandra Paulemon, rankontre, mèkredi 29 avril la, Anbasadè Espay an Ayiti, Marco Antonio Peñín Toledano, pou pale sou ranfòsman koperasyon ant de peyi yo. Nan kad reyinyon sa, Anbasadè a prezante prensipal domèn kote Espay ap sipòte Ayiti, tankou edikasyon, kantin lekòl, dlo potab ak kesyon sanitè. Sou bò pa li, Minis Paulemon salye sipò Espay la, men li mande pou èd la pi byen distribye nan tout peyi a, pou evite tout pwojè yo rete nan kèk zòn sèlman.

Minis Kilti ak Kominikasyon an, Dr Emmanuel Ménard, vizite katye Fort National 29 avril la, sou envitasyon yon gwoup jèn. Vizit sa a antre nan plan gouvènman an pou ogmante aksè ak kilti ak edikasyon nan zòn ki pi defavorize yo.
Pandan vizit la, minis la anonse anvan lontan, y ap mete yon bibliyotèk modèn nan zòn nan pou ede popilasyon an jwenn plis aksè ak lekti ak rechèch inivèsitè.

Mèkrèdi 29 avril la, Ministè Komès ak Endistri prezante rezilta Pwogram Sipò pou Antreprenarya Fanm (PAEF) pou peryòd 2025–2026 la. Yon total 78 antrepriz fanm te preseleksyone nan plizyè rejyon nan peyi a.
Rezilta yo montre Gran Sid la gen pi gwo patisipasyon an ak 34 antrepriz (44%). Apre sa, Gran Nò a gen 23 antrepriz (29%), epi Lwès la genyen 21 antrepriz (27%). Antrepriz sa yo ap travay nan sektè ki enpòtan pou ekonomi an tankou agro-endistri, agrikilti, elvaj, kosmetik, atizana, teknoloji ak restoran.

Jedi 30 avril 2026 la, Sandra Paulemon rankontre ak responsab OIM nan an Ayiti, Grégoire Goodstein, pou ranfòse kolaborasyon sou kesyon migrasyon ak ijans nasyonal yo. Yo diskite sou moun deplase yo, migran k ap retounen yo, ak pwogram reyentegrasyon ekonomik. Minis la mande plis kowòdinasyon ak yon plan klè, pandan OIM pwomèt sipò pou bay rezilta konkrè.


Yon gwo ensidan rive jedi 30 avril la sou Champ de Mars la, kote yon polisye UDMO ak yon manm TASK FORCE mele nan yon gwo konfli. Selon enfòmasyon yo, manm TASk FORCE la bat, imilye epi sezi zam sèvis ajan an aprè yon altèkasyon. Sitiyasyon sa a soulve gwo enkyetid sou relasyon anndan fòs sekirite yo, nan moman PNH la deja ap fè fas ak anpil defi.


MENFP an anonse dezyèm sesyon egzamen rekale bakaloreya yo pou elèv ki te echwe yo pou ane akademik 2025-2026 la. Egzamen yo ap fèt sòti 13 pou rive 16 jiyè atravè peyi a. Enskripsyon yo ap ouvri sòti 4 pou rive 22 me nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon yo. Kandida yo ap konpoze sèlman nan matyè yo pa t pase yo.

Nan Lannwit jedi 30 pou rive vandredi 1e me a, PNH la, ak sipò Task Force la, mennen yon operasyon nan La Saline kote yo arete yon machin sispèk “Zo Reken”. Ajan yo sezi 196 katouch 5.56 mm, 5 kas balistik, 5 jilè pwoteksyon, mayo PNH/DCPJ, yon pè bòt ak yon jiwofa. Selon sous polisye yo, machin nan ta sèvi nan aktivite kidnaping nan Delmas. Operasyon yo kontinye tou nan sant vil Pòtoprens kote te gen echanj kout zam ant lapolis ak bandi yo.


Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan, Sandra Paulemon, rankontre, vandredi 1e me a, ak yon delegasyon PNUD pou evalye plizyè pwojè estabilizasyon nan zòn ki plis frape pa vyolans ann Ayiti yo. Pwojè yo vize diminye vyolans kominotè, soutni jèn ak fanm nan katye frajil yo, epi ranfòse prezans Leta. Entèvansyon yo konsène zòn tankou Martissant, Bel-Air, Solino, Carrefour-Feuilles, ansanm ak kèk lokalite nan Latibonit ak Nò. Nan Latibonit yo mete aksan sou agrikilti, nan Lwès sou estabilizasyon sekirite, epi nan Nò sou sipò pou ti ak mwayen antrepriz yo.

Sou lenk sa???????? swiv chanèl Watsap ExodeNews la https://whatsapp.com/channel/0029VawGork1noz1ARWkge2U

ExodeNews la pou enfòme w!

image

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Rédacteur senior

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant