Nan lide pou l eksprime solidarite l ak popilasyon nan Gran Sid peyi a (Nip,Sid ak Grandans), ki te frape trè fò nan tranbleman tè tèrib 14 dawout la ak tanpèt twopikal Gras, Fondasyon Paul Henry Douyon, te transpote l nan “Saint-Louis du Sud”, yon komin nan awondisman Aken, depatman Sid peyi Dayiti, ki te touche gravman grav nan doub katastwof sila yo. Anpil fanmi pèdi pwòch yo, kay yo ak lòt byen yo te posede ki disparèt nan sikonstans tèrib sa a. Nan sèlman 5 lane, depatman sa yo pran yon lòt souflèt marasa, lè nou sonje ke siklòn Matye, nan lane 2016 te deja frape tout kot Sid peyi a plat atè.
Se tout kouch moun ki frape pa katastwòf sila a. Fondasyon Paul Henry Douyon gen yon panse espesyal e swete mobilize tout fòs li, pou l kontinye fè solidarite epi soutni jan l kapab moun ki parèt pi vilnerab yo .
Pandan prezans li nan “Saint Louis du Sud”, Fondasyon Paul Henry Douyon te pwofite vizite plizyè seksyon kominal ak lokalite tankou Grenodière, Gran Fonds, Zanglais, Sucrerie Henry ak Solon ; yon fason pou l te tabli pwòp dyagnostik pa l sou sitiyasyon moun yo , drese yon etadèlye e tande doleyans viktim yo ke li te pran swen pataje ak otorite lokal yo, yon fason pou aksyon yo ka byen kòdone.
Nan seksyon kominal Sucrerie Henry, prezidan fondasyon an, Ph. Paul Henry Douyon ak ekip li te rankontre kire pawas legliz katolik «Saint Anne »la , reveran pè Dudier Joseph ki, nan kad yon vizit gide te mennen nou konstate ak 2 nawè pa gen anyen ki rete : legliz la fisire,lekòl primè ak segondè Sainte-Anne ki asire ti moso pen lenstriksyon pou ti moun ak jèn adolesan nan vil la, plat atè. Se menm lakou rekreyasyon lekòl la tou, ki sèvi kan refijye pou plis pase 150 fanmi k’ap viv anba yon latriye estrikti ki apèn ka fe solèy grimas men ki paka fè way pou lapli.
Nan lokalite Solon, 6e seksyon kominal vil Sen Lwi tou, se menm penpenp lan. Lè nou eseye rapwoche yo epi rache kèk mo nan bouch yo, yo di nou pi gwo pwoblèm yo, se pata pwoblèm lamanjay, « pou sa n a degaje nou » men se pwoblem dòmi le li fè aswè. Kifè, yo swete ke bon samariten ki ta vle lonje men ba yo, ta panse pote pou yo :prela, tòl,bwa,klou, elatriye. Konsa yo ta va fòje yon kote pou foure tèt yo ak zanfan yo an atandan yon solisyon final.
Pasaj nou nan rejyon Sid peyi a, te okazyon tou pou n te vizite vil Okay, avèk yon fokis sou lopital Ofatma ki se youn nan sant ospitalye ki akeyi epi bay la swenyay ak reskape (moun ki fraktire nan tranblemantè) 14 dawout la. Pandan vizit sa a, nou te rankontre administratè lopital la ki te eksplike nou an detay, fason lopital la oganize l pou l bay swen ak viktim kokennchenn katastwòf la.
Apresa, nou te mete kap pou « Port-Salut », yon fason pou nou te kontinye tabli yon etadèlye solid epi ki fyab e wè koman, nou ka ede fè fas ak sitiyasyon malouk sila a. Gras a Dye, pou 2 zòn nou sot site la yo, sa pa pi grav pase sa.Nou konstate ke se sitou zòn periferik yo (zòn andeyò yo), seksyon kominal yo ki plis souke pa katastwòf san parèy sa a. Nan sans sa a, li ta mande ke otorite konstitye yo ak tout oganis k ap gen pou fè entèvansyon nan kad pasaj tranblemantè sou rejyon an, retire fokis la sou sant vil yo ki pa toujou kote ki pi touche, kidonk ki pa kote plis bezwen akonpanyeman ak èd ki destine pou moun ki nan ka yo. Se nan sans sa ke Fondasyon Paul Henry Douyon , nan lide pou l te asire l, ke se moun ki viktim tout bon vre yo ki jwenn kichòy te dirije l tou dwat vè majistra kominal vil Sen Lwi a ak ekip pwoteksyon sivil zòn lan.
Ann fè solidarite , Ann fe l ansanm !
Exodenews la pou enfòmew !
















































Paul-Henry
Bn travay
04 Septembre 2021