Rezime akyalite semèn nan sòti lendi 15 mas pou rive vandredi 19 mas 2021 an.
Lendi kite 15 mas 2021 an, kèk zòn nan kapital ayisyèn nan te bloke, kote plizyè dizèn moun tap manifeste mekontantman yo aprè masak kite fèt sou plizyè polisye anndan « vilaj de Dye » jou kite vandredi 12 mas la nan kad yon operasyon Lapolis tap tante mennen .
Nan yon bilan « Stop aksidan » bay lendi kite 15 mas 2021 an, yo fè konnen sòti nan dat 8 pou rive 14 mas la, aksidan sikilasyon yo vrèman ogmante nan plizyè zòn anndan peyi a Tankou nan vil Pòdpè, kap ayisyen, kanperen, pèleren, Petyonvil, gresye ak wout nasyonal nimewo 1 an. Toujou selon doktè Garnel Michel, kise responsab « stop aksidan », li fè konnen nan 38 aksidan ki fèt nan divès zòn sa yo, genyen 89 moun ki blese ak 14 moun ki arive pèdi lavi yo.
Nan yon kominike pou la près, sekretarya ansyen premye minis Laurent Lamorte te soti nan dat 15 mas la, li pote yon demanti fòmèl kont tout enfòmasyon ki ta fè kwè ansyen PM nan, te kòmande anviron 200 galil a travè sitwayen Salim Sucar, e toujou nan nòt sa li anonse yo prale depoze yon plent fòmèl kont tout otè akizasyon sa yo.
Nan lannwit madi 16 pou rive mèkredi 17 mas 2021 an, plizyè komin nan peyi a te arive bloke, se te yon jounen trè panike, Polisye 26ème pwomosyon yo te tou pwofite pran lari kote yo tap mande kò plizyè frè dam yo bandi pran an otaj nan vilaj de dye, polisye Fantom 509 yo te libere 4 polisye ki te twouve yo nan izolman anndan komisarya dèlma 33 epi nan fen jounnen an moun yo pa rive idantifye vòlè Plizyè machinn, moto ak batri nan yon antrepriz Reginald Boulos genyen sou wout aryopò a.
Jedi kite 18 mas la, Paul Ménard, ansyen Direktè Depatmantal Lwès Polis la, jwenn revokasyon li 7 jou aprè dram kite pase nan vilaj de dye a, epi se Joel Casséus ki ranplase ansyen komisè Ménard nan pòs sa.
Toujou nan menm jounen jedi sa, gwoup polisye Fantom 509 yo te debake nan komisarya kwadèboukè a epi yo te arive libere 2 polisye kite nan izolman depi kèk mwa.
Pou jounen vandredi 19 mas la, anpil pòt lekòl te rete femèn nan peyi a, epi te gen gwo tansyon nan divès kwen nan kapital ayisyèn nan, kote menm yon otobis te arive boule nan antouraj chann mas la.
ExodeNews la pou enfòme w!














































